Non classé

Gouvènman an enstale jodi lendi 10 mas la nouvo manb CNDDR yo

today2025-03-11

Gouvènman an enstale jodi lendi 10 mas la nouvo manb CNDDR yo
share close

Enstalasyon manb Komisyon Nasyonal Demantèlman, Dezameman ak Reyentegrazyon (CNDDR).

Nan kad batay kont ensekirite a Gouvènman anplas la di l ap mennen anndan peyi a, sou direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, li mete sou pye twazyèm vèsyon Komisyon Nasyonal Demantèlman, Dezameman ak Reyentegrazyon (CNDDR). Se Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo, Paul Antoine Bien Aimé, ki enstale jodi lendi 10 mas la nouvo manm Komisyon sa, apre yon arete ki te pran nan Konsèy Minis 21 fevriye 2025 la.

Nouvo CNDDR sa a gen yon misyon klè daprè Gouvènman an ki se mete an plas estrateji pou retire zam nan men sivil yo, ranfòse sekirite epi bay jèn ki te antre nan aktivite ilegal, tankou gang, chans pou reyentegre sosyete a san diskriminasyon.

Daprè Gouvènman an, Se yon etap enpòtan ki montre volonte li ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou mete fen nan kriz ensekirite a, ki kontinye bwase bil popilasyon an.

Anplis de sa, Komisyon an pral jwe yon wòl esansyèl nan mete an aplikasyon plan sekirite nasyonal la, ki gen pou objektif tabli lapè epi asire tout sitwayen kapab viv san laperèz. Gouvènman an repete angajman l pou l travay san rete pou yon Ayiti kote lalwa ak sekirite pran plas yo.

N ap raple w se 29 dawout 2006 CNDDR te kreye aprè yon arete Prezidansyèl. Epòk sa Komisyon an te gen 7 manb ki te genyen òganism tankou OXFAM, APROSIFA, PAM, RNDDH, PAM. 8 mas 2019 yon lòt arete Prezidansyèl sou Jovenel Moïse te reyaktive Komisyon sa ki te inaktif depi 2011. Fwa sa Komisyon an te gen 9 manb : Edwin Florexil, Innocent Joseph, Roodiny Jean-Baptiste, Abler Roudy Lalane, Jean Chenet Lucien, Greatz Marie Lydie Sironel Charles, Jean Rebel Dorcéna, Jude Jean Pierre ak Frantz Toyo.

Nouvo Komisyon ki enstale jodia gen 7 manb ki se Enold Florestal kòm kowòdonatè, Guerda Privilon, Claudy Alexis, Junior Bonheur, Illionor Louis, Michel Jean-Marie Léonidas ak Abler Roudy Lalanne.

Dekouvri plis:

L’administration Trump lance CBP Home, une application pour faciliter l’auto-expulsion des immigrants illégaux

Écrit par: Viewcom04

Rate it

Articles similaires

Non classé

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 10 Mars 2025

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 10 Mars 2025 est de 130,67 gourdes pour un dollar américain. Ce taux de référence, précise la Banque de la République d’Haïti (BRH), est calculé en fonction des transactions et opérations d’achat de dollars effectuées la veille sur le […]

today2025-03-11 1