Ayiti 1986-2026 : 40 lane batay pou chanjman
Tweet Sa fè plis pase 40 lane depi pèp ayisyen an dechouke rejim sanginè Divalye yo. Peyi a twouve li lan yon kriz pèmanan. Tout jefò, tout batay, tout revandikasyon ki fèt pandan tout lane sa yo, pa rive pote yon chanjman lan kondisyon lavi mas popilè yo. Se vre gen kèk viktwa ki rive rache kankou libète lapawòl, lit pou dwa fanm, elatriye. Men kondisyon materyèl pèp la pa chanje. Okontrè, bagay yo vin pi mal de jou an jou. […]
