NÒT POU LAPRÈS
11 mwa ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an … Epi ?
Nan moman kote anpil katye nan Pòtoprens anba gwo atak gwoup ame, espesyalman sou popilasyon nan Dèlma 30, Bapedchoz, Kriswa ak lòt zòn ankò, Pati AKAO voye yon lòt fwa ankò senpati li bay tout moun k ap soufri anba zak laterè, sasinay, kraze brize, boule kay, biznis, lekòl, lopital, detwi enfrastrikti piblik kou prive, bandi yo kontinye ap poze. Anfas estrateji etenn souf sa a, move kondisyon lavi ak tout tribilasyon k ap depafini ak popilasyon an, espesyalman sila yo ki pi defavorize yo, AKAO kontinye egzije pou Otorite nan peyi a adopte yon politik klè pou fini ak ensekirite pwograme a. Objektif la se kwape tout move zak kriminèl yo, mete chèf yo anba kòd epi demantle ni gwoup ame yo, ni kowalisyon ki reyini politisyen rabi ak potanta nan komès ak endistri k ap sipòte yo. Pèp la ekzije rezilta prese prese.
Aktivite kriminèl ak zam yo lakòz twòp doulè, dezolasyon, lamizè, asasinay, vyòl sou fanm ak deplasman fòse pou batay kont ensekirite a rete nan aksyon ak pawòl van. Sa gen kèk semèn KPT a ap di li nan lagè kont tout gwoup oswa sektè ki enplike nan aktivite politiko-kriminèl pou destabilize Ayiti. Pawòl “bidjè lagè” ap pale alòske okenn strateji pa defini epi pandan Premye Minis la ap goumen pou kontwole Direksyon PNH la. Se atò gwoup ame ap vale teren nan Pòtoprens.
Nan mwa Janvye 2025 la, Konseye-Prezidan Leslie Voltaire te anonse sou kont X (Tweet) li ke li bay Premye Minis la misyon rasanble prèv kont moun Loni, Kanada ak Etazini te sanksyone pou rezon sa a. Nan dat 29 janvye, li te denonse konplisite ant gang yo ak ansyen Prezidan Martelly sou televizyon TV5 nan peyi Lafrans. Yon mwa edmi apre deklarasyon sa a, se nad marinad : tout moun konstate ni pouvwa egzektif la, ni aparèy jidisyè a pa fè anyen nan sans sa. Li parèt klè se yon estrateji blòf ak divèsyon pouvwa a ap mennen, menm jan anpil otorite nan Leta konn abitye fè l. Nap sonje anons yon Minis Lajistis te fè sou radyo nan Pòtoprens, nan dat 27 out 2024, apre depatman trezò ameriken te pran sanksyon kont ansyen Prezidan Martelly pou enplikasyon l nan trafik dwòg ak aktivite gang (https://home.treasury.gov/news/press-releases/jy2542 ). Jouk koulye a, ti mari pa monte, ti mari pa desann.
Nan mitan pwoblèm ensekirite kap boulvèse peyi a, Pati AKAO kwè li nesesè pou byen konprann kòz estriktirèl kriz gwo nèg k ap brase bil sosyete a, dekwa pou reflechi tou sou solisyon dirab pou n soti nan kriz la. Kòz estriktirèl kriz ki depatcha tout sosyete a pran rasin li nan jan ekonomi peyi a konsantre depi dikdantan nan men yon ti ponyen moun. Kapital, kidonk lajan, teknoloji, ekipman, klas oligachik rantye a envesti nan peyi a tèlman rachitik li pa ka pèmèt devlopman ekonomi a, ni pwodui richès, alewè pou yon redistribisyon ekitab ta posib. Jodi a, nan mitan tout peyi Amerik ak Karayib yo, Ayiti gen yon PIB ki vo $1,693 dola US sèlman pou chak grenn ayisyen e se peyi kote gen plis diferans ant moun ki pi rich ak moun ki pi pòv. Ekonomi an fèb anpil, lè n konsidere Leta ak klas ekonomik ayisyen yo ansanm atire mwens envestisman etranje (sèlman 1 milya dola pou Ayiti, alòske Dominikani rive rale $60 milya, Jamayik $20 milya).
Se « modèl ekonomik » sa a, Konseye Fritz Jean ki se nouvo Prezidan KPT a te konn rele l “Kaptasyon Leta” ki prensipal kòz degradasyon san fren kondisyon sosyo ekonomik yo. Fas ak echèk sa a, plizyè aktè nan mitan klas dominant yo mare aktivite yo tou ak ekonomi kriminèl la e, pou yo repwodui tèt yo epi konsève yon seri monopòl, yo fè dap-piyanp sou Leta a.
Se strateji “Kaptasyon Leta” sa a nou dwe kwape dekwa pou peyi a soti nan sitiyasyon sosyo ekonomik malouk li twouve l la. KPT a ansanm ak gouvènman li mete kanpe a pa bay okenn siyal ki ale nan sans pou frennen strateji sa a e mete baz pou bonjan refòm ekonomik. Peyi d Ayiti bezwen yon nouvo klas dirijan ki deside e ki kapab goumen pou retire Leta anba grif mafya ekonomik la.
Pandan Leta ak tout fòs sosyal konsekan anndan peyi dwe kontinye konbat machin ensekirite ak enstabilite kap simaye soufrans epi demantibile sosyete a, nou dwe travay sou solisyon dirab. Sa vle di pou fòs ekonomik, politik ak sosyal yo travay pou: 1) devlope potansyèl ekonomik reyèl peyi a, 2) rale kapital ki nesesè pou bay sektè dinamik yo jarèt, 3) mobilize pèp la pou devlopman Ayiti, menm jan li ride ak fòs kouray li anpil lòt peyi dekole, kit se nan Karayib la, kit se Chili, Kanada, … AKAO idantifye kèk sektè ki kapab kreye anpil travay epi rapòte gwo benefis:
- Sektè touristik, tout sa Karayib la ofri touris yo: plaj, lanmè, solèy, peyi a genyen yo tou ak degi;
- Agrikilti, ak bon tè ki pa kontamine, peyi a kapab pwodui manje byolojik alafwa pou tout pitit li ak pou touris, pandan l ap travay pou diminye enpòtasyon manje;
- Sektè min ak resous anba tè: plizyè travay rechèch evalye a 20 milya dola pou pi piti resous lò ki chita anba tè peyi a e ki pa eksplwate, genyen tou lòt min ak karyè ki kapab diminye enpòtasyon materyo pou konstrisyon (siman, sab, ajil, …) e pèmèt fabrike pwodui tankou vit, seramik, penti, …, ki kapab rive ekspòte tou;
- Sektè sèvis la: ak yon jenès fòme mete ak tout talan ki deja ap gaspiye, pandan n ap konte sou latriye jèn ki fòme men ki gaye nan dyaspora a, li posib pou peyi a antre fò nan sektè teknolojik, kilti, finans, pandan tout kalte sèvis ki mare ak komès ak kominikasyon ap pran jarèt. Yon lòt bò, pozisyon jewografik peyi a kapab pèmèt li jwe yon wòl santral (HUB) nan zòn nan, nan kesyon transpò moun ak komès.
Menm lè tout resous potansyèl sa yo egziste, pi gwo defi a rete nan kapasite pou mobilize kapital ki nesesè pou devlope yo ak bon jan kad legal ki dwe prepare epi adopte, diferan refòm ki dwe aplike (sistèm kredi, asirans, kadas, fiscal ak taks, sekirite fonsye, sekirite jiridik, sekirite envestisman, fasilite pou fè biznis, …), sèl fason pou atire envestisman ayisyen ak envestisman dirèk etranje nan sektè sa yo. Fòs ekonomik, politik ak sosyal yo dwe travay pou emèjans plizyè gwoup ekonomik, piti, moyèn ak gwo antrepriz, k ap patisipe nan devlopman peyi a, pou pèmèt jenès la, travayè yo, kad yo travay nan peyi yo, angiz pou y al vann fòs kouraj yo aletranje nan move kondisyon.
Nan kafou danjere peyi a twouve li nan moman sa a, Pati AKAO kwè li nesesè pou tout sosyete mobilize nan batay kont strateji politiko-kriminèl ki chita sou vyolans gwoup ame yo.
N ap fè KPT a, espesyalman Konseye Prezidan Fritz Jean, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimè ak tout gouvènman an sonje yo gen responsabilite pou garanti dwa popilasyon an pou l viv nan kè poze e y ap gen pou rann kont devan Nasyon an.
N ap envite fòs ekonomik, politik ak sosyal ki pataje vizyon global sou kriz striktirèl peyi a vin mete men pou nou reyalize l. Se sèl mwayen pou nou kreye kondisyon pou sosyete a soti nan kriz malouk sa a epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an yon fason dirab.
Viv Ayiti ! Viv yon Peyi granmoun, yon Sosyete san fòs kote.
Pòtoprens, 18 Mas 2025
The post 11 mwa ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an … Epi ? first appeared on Rezo Nòdwès.