Actualités

REBHA rejte fo refòm konstitisyonèl e defann dwa souverènte Pèp Ayisyen

today2025-02-10 21

Arrière-plan
share close

Let Offisyèl REBHA
Pou Yon Konstitisyon Legitim e Souveren

Rejte Fo Refon Konstitisyonèl e Defann Dwa Souverènte Pèp Ayisyen

Nou menm nan REBHA, nou kanpe fèm sou tout tantativ manipilasyon ak trèt yo vle mete sou do pèp ayisyen an. Nou konstate ak gwo endiyasyon ke yon gwoup moun san lejitimite, ke pèp la pa eli, vle fòse yon refòm konstitisyonèl anba menas ak malveyans. Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) sa a, ak tout manm Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa (CPT), pa gen okenn lejitimite pou adopte okenn refòm sou Konstitisyon nou an!

Nou denonse ak tout fòs nou tout manèv ki fèt pou detwi dwa nou kòm pèp. Yon konstitisyon se pa yon zouti pèsonèl pou otorite enstale ak fo konsansis! Se pèp ayisyen sèl ki dwe deside sou avni l! Se li ki pou vote epi aksepte nenpòt chanjman sou dokiman ki se fondasyon egzistans li kòm nasyon.

Nou mande tout pèp la leve kanpe!

Nou pa ka kite yon ti gwoup ap vann peyi a bay etranje, mete lwa imoral sou do nou, e kontinye demantibile resous nou yo! Si nou pa fè atansyon, demen y ap vle pase tout tè nou yo, tout richès nou yo, bay lòt nasyon pandan pitit tè a ap mouri grangou.

REBHA Di NON!

  • NON ak tout fo refòm yo!
  • NON ak tout aksyon ilegal kap fèt san konsantman pèp la!
  • NON ak tout konplo pou mete Ayiti pi fon nan destriksyon!

Nou ankouraje tout sitwayen konsekan pou rete vijilan e mobilize! Nou pap pran gol a min! Nou dwe defann nasyon nou, nou dwe defann Konstitisyon nou!

Pou Souvènte, Pou Dwa Pèp la, Pou Avni Ayiti!

VIV AYITI LIB!
VIV SÈVOUÈNTE PÈP AYISYEN!

Pou REBHA,
Òganizasyon REBHA

The post REBHA rejte fo refòm konstitisyonèl e defann dwa souverènte Pèp Ayisyen first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par:

Rate it

Articles similaires

Actualités

Haïti rejoint une nouvelle alliance mondiale sur les risques de catastrophe

Tweet La Direction générale de la Protection civile (DGPC) participe à Taipei, à Taïwan, à l’assemblée inaugurale de la World Alliance for Disaster Management (WADM), organisée du 18 au 22 septembre. La délégation haïtienne est conduite par le directeur général de la DGPC, Emmanuel Pierre. La nouvelle alliance réunit des […]

today2026-09-22 1

Actualités

Haïti sollicite 20 millions de dollars auprès du Fonds pertes et préjudices

Tweet Haïti cherche à renforcer ses échanges avec le Fonds de réponse aux pertes et préjudices (FRLD), mécanisme créé pour soutenir les pays vulnérables face aux conséquences du changement climatique. Le ministre de l’Environnement, Valéry Fils-Aimé, a poursuivi mardi des discussions avec le Fonds en marge de la 81e Assemblée […]

today2026-09-22 1


Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.