Pou yon reòganizasyon rejyon administrativ Ba-Nòdwès
Tweet POU YON REÒGANIZASYON ADMINISTRATIV REJYON BA-NÒDWÈS Dabò nou salye avèk anpil antouziasm desizyon Gouvènman Gary Conille/KPT a pran pou kreye pa Dekrè, ki pwomilge ak pibliye nan dat 4 septanm 2024 la nan jounal ofisyèl LeMonitè (Nimewo espesyal 45-A), yon Tribinal premyè enstans (Tribinal sivil) nan komin Jan-Rabèl. Nouvo Tribinal sa ki gen jiridiksyon sou 4 komin (Jan-Rabèl, Mòl-Sen-Nikola, Bonbadopolis ak Bè-de-Hèn) pral rann jistis la pi pwòch popilasyon an, men osi li pral patisipe nan dinamize ekonomi vil […]
