Lang kreyòl la dwe gen plis plas nan kominikasyon piblik ak diplomasi a daprè Rose Myrtha Lexima
Nan yon entèvyou li bay ak Juno7, entènasyonalis, jèn diplomat ak militan pou diplomasi kiltirèl la, Rose Myrtha Lexima ensiste sou nesesite pou lang kreyòl la jwenn plis plas nan kominikasyon piblik ak nan pratik diplomatik yo. Daprè li, nan epòk aktyèl la kote kesyon idantite, kilti ak kominikasyon piblik ap pran plis enpòtans nan relasyon entènasyonal yo, kesyon lang lan vin tounen yon eleman santral nan relasyon ant enstitisyon yo ak sitwayen yo. “Nan yon sosyete modèn, lang pa […]
