Actualités

AKAO : Apèl patriyotik pou fòs viv nasyon an nan peyi a tankou nan dyaspora

today2024-12-04 4

AKAO : Apèl patriyotik pou fòs viv nasyon an nan peyi a tankou nan dyaspora
share close

Pozisyon Pati Politik AKAO sou Konjonkti a.

Apèl patriyotik pou fòs viv nasyon an nan peyi a tankou nan diaspora

Pati AKAO eksprime senpati li a tout moun k ap soufri anba zak gwoup ame yo nan kat kwen peyi a. Nou di tout moun fòs, kouraj ak rezistans nan sitiyasyon sa a. Sa fè plis pase 3 lane depi nèg ak zam ap taye banda nan plizyè katye ak komin nan peyi a. Menmsi tout klas ak kategori sosyal ap sibi, sa pi grav sitou pou klas mwayèn defavorize yo ak tout travayè yo.  Lamizè ap vale tèren nan depatman Lwès, Sid, Nip, Grandans, ak Latibonit. Ensekirite /Laterè sa a nèg ak zam kreye nan peyi a pote plis prekarite sosyoekonomik, prekarite lavi pou anpil sektè :

  • Peyizan pa ka plante, jaden ak bèt yo ap disparèt
  • Madan Sara pa ka sikile ankò pou bouske lavi
  • Ti biznis enfomèl ap fè bèk atè nèt
  • Tout biznis onèt ap pèdi valè
  • Ouvriye ak anpil lòt salarye pèdi travay yo,
  • Lè timoun ak jèn rive ale lekòl oubyen inivèsite nan gwo kè kase,
  • Fanm ap sibi plis vyolans ankò
  • Swen lasante ap vin pi ra ankò, sitou pi gwo lopital jeneral peyi a fèmen depi kèk tan

Jenès la ki deja pa t wè kote lavni yo ye, ki t ap sibi gwo konsekans chomaj masif lan, tonbe nan yon dezespwa total. Yon sèl solisyon anpil nan yo wè se kite peyi a.

Sitiyasyon sa pa dwe kite n sèlman ap plenn nan kè.  Kidonk pati AKAO kwè li nesesè pou n chèche konprann epi reflechi ansanm sou kijan pou mete yon bout nan sityasyon sa a.  Pou pati a,  gen anpil eleman kontèks ki dwe ede peyi a konprann, pandan nou pap bliye gwo katastwòf natirèl ki frape peyi a depi kòmansman syèk la, plizyè siklón plis tranbleman tè nan lane 2010 espesyalman :   

  • Modèl ekonomik ki tabli depi dikdantan an e ki baze li sou Repiblik Pòtoprens lan rive nan bout li. Li pote lamizè pou pi fò moun nan popilasyon an. 
  • Klas dominant rachitik, rantye a, rantre tèt bese nan ekonomi kriminèl (an patikilye kòmès dwòg), depi nan lane 1980 yo. Yo pa ka ofri peyi a okenn posiblite devlopman. Sèl posibilite yo bay pitit pèp la se tounen  bra ame ekonomi kriminèl la. 
  • Anpil dirijan politik nan konivans avèk klas dominant kriminèl la,  patisipe nan kreye gwoup nèg ak zam sa yo.

Lè nou byen konsidere espesyalite nèg ak gwo zam fann fwa sa yo, pèp la dwe konprann se pa travay ti volè oubyen sa yo rele krim òganize. Se pito travay gwo piyajè ki chita sou fòs zam yo  k ap rapouswiv objektif politik, ekonomik ak finansye yo, paske menmsi nèg ame sa yo pa janm avwe klèman pou ki kòz tout zak teworis sa yo kont popilasyon an, li klè yo gen yon ajennda.

Dayè anpil pawòl k ap pale nan laprès entènasyonal ak nasyonal lonje dwèt sou yon seri gwo potanta ak politisyen ki finanse aksyon ame sa yo. Gwo rapò ki sòti nan  Nasyon Zini idantifye epi lonje dwèt sou yon seri endividi. Antouka li parèk klè chavire chodyè a pa objektif aktè sa yo.  Deblozay nèg ak zam yo pa menase entèrè klas dominant tradisyonèl yo (ki chita biznis yo sou la rant ak rapin). Istorikman, gwoup sa yo se yon kolonn predatè ki pa janm bay Nasyon an regle anyen pou yo. Kidonk yo pa enterese non plis pou genyen yon Leta ki kapab bay popilasyon menm yon seri sèvis minimòn. Kolonn nèg ak zam k ap masakre epi teworize mas pèp la pa pwoblèm yo. Kidonk, objektivman klas oligachik rantye sa a ak nèg ak zam sa yo se kòkòt ak figaro. Travay nèg ak zam sa yo fikse atansyon tout moun k ap sibi sou kijan pou yo chape poul yo, nèg ak zam detounen atansyon tout moun k ap sibi sou revandikasyon lavi miyò, sètadi revandikasyon pou kat la rebat, revandikasyon pou peyi a granmoun tèt li. Nèg ak zam sa yo ap fè travay divèsyon nan enterè oligachi rantye a.

Nan AKAO, nou rete kwè deplwaman tout ti gwoup ame sa yo pa t ap posib, pa t ap ka kenbe tout tan sa a, si yo pa t melanje ansanm avèk gwo rezo ki byen souche nan komès ak endistri peyi a e nan tout fòm trafik transnasyonal. Si lapolis la ak lame a pa ka fè fas kare avèk Gwoup ame yo se pa paske yo genyen yon pisans ki depase limit, se sitou feblès akòz disfonksyónman aparèy Leta a, se sitou akòz kòripsyon ki gangrennen enstitisyon Leta yo. Anpil moun/aktè non yo ap site kòm konplis gwoup ame ap fonksyone trankilman nan peyi a san Lapolis ak aparèy jidisyè a pa enkyete yo, alòske tout rès popilasyon an nan kouri.

AKAO mande pou pouvwa anplas la, CPT a ak Premye minis la ak tout minis yo, ki asepte pran pòs sa yo nan yon kontèks espesyal sa a, montre se pa dèyè privilèj yo ye :  

  • Sou kesyon ensekirite sa a, nou egzije yon batay san pran souf kont gwoup ame yo ak ekonomi kriminèl la. Nan sans sa a, li nesesè pou frape koulèv la nan tèt li, savledi atake tèt gwo kowalisyon kriminèl sa a ansanm avèk tout politisyen ak potanta nan komès ak endistri ki ap sipòte yo. Sa vle di CPT ak gouvènman an dwe klè sou ki estraji yo genyen. Paske li klè  kouri sèlman deyè nèg ak zam ki nan koridò pap pote bon rezilta.
  • Sou aspè politik moman n ap viv la, nou egzije remete tranzisyon politik la sou ray jan sa defini nan akó 3 Avril la pou retabli lòd konstitisyonèl ak bay peyi a yon gouvènman lejitim, epi bay tout politisyen konwonpi k ap sèvi avèk gwoup ame yo kanè.

Yon lòt bò, AKAO vle lanse yon apèl rasanbleman pou tout fòs viv Nasyon an: eleman kòrèk ki nan fòs piblik yo ak sila ki nan tout ògan Leta yo, biznisman k ap pèdi envestisman yo, ouvriye, peyizan, tout kalite travayè, eleman nan tout nivo klas mwayèn yo, fanm, lajenès la. Gen nesesite ak obligasyon pou nou aji ansanm pou tranzisyon sa a jete baz pou nou fini nan kriz a repetisyon sa yo. Se pou tèt sa nou dwe anbrase kesyon Konstitisyon an, fòm ak modalite pouvwa politik yo. Se moman tou pou reflechi epi poze kesyon  sou lòt pwojè sosyal ak ekonomik nou dwe tabli nan peyi a. Ki baz legal ki nesesè pou devlòpman ekilibre ekonomi peyi a, pou envestisman pwodiktif ka pèmèt peyi a angaje kapital nasyonal la epi atire kapital entènasyonal, pou pèmèt devlopman teknoloji ak konpetans, pou reponn a tout fòm bezwen konsomasyon lokal la ak yon meyè ensèsyon nan komès entènasyonal la? Ki baz legal ki nesesè pou nou konstwi yon klas antreprenè tou nèf apati piti ak mwayèn antrepriz yo?

Sou kesyon ekonomik sa yo, nou dwe demaske tout diskou nasyonalis oligachi monopolis la, gen nesesite pou transfome sosyete a pou l vin pi rich e pi jis pou nou ka estabilize peyi a e jwenn lapè k ap bon pou nou tout la.

Nan sans sa a, nan Pati AKAO nou pare pou nou pote kontribisyon pa nou nan yon gwo rasanbleman tout fòs viv nasyon an pou yon konbit relèvman nasyonal nan yon lojik liberasyon nasyonal, pou rekoud sosyete a (tissu social la). 

Nan sans sa a tou, nou enterese anpil a reyalizasyon konferans nasyonal la ki dwe fèt la sou  pwoblèm sosyo ekonomik yo pou rekonstriksyon Nasyon an.

Pou nou pi klè, sòti nan sitiyasyon latwoublay laterè sa a pa ka chita sèlman sou yon zafè fòs militè ak lapolis.

Pèp ayisyen, an patikilye klas popilè ak klas mwayèn yo ki sibi an premye tout gwo konsekans sosyo-ekonomik aksyon gwoup ame yo, pou nou pa repete erè tan pase yo, an nou reziste, an nou leve kanpe avèk yon pwojè politik k ap pote chanjman estriktirèl k ap pèmèt nou trase wout pou yon peyi kote tout moun se moun!

Viv Ayiti ! Viv yon Peyi granmoun, yon Sosyete san fòs kote.                                     

Pòtoprens, Jou ki 3 Desanm  2024

The post AKAO : Apèl patriyotik pou fòs viv nasyon an nan peyi a tankou nan dyaspora first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par:

Rate it

Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.