Actualités

Rezo Nòdwès | Mizik – Polis la tire sou manifestan yo pandan gang yo ap vanse (audio)

today2025-03-23 4

Rezo Nòdwès | Mizik – Polis la tire sou manifestan yo pandan gang yo ap vanse (audio)
share close

Eske la poli ap anpeche pèp Aysyen selebre samdi pwochen 38 tan Konstitisyon an?

Polis la tire sou pèp la

Yo te di nou se men ak men,
Polis la ak pèp la pou n chase mal.
Men jodi a, se bal ki reponn kri nou,
Lari a tranble, chagren vin fèt nasyonal.

Refren (chœur, an kè)
Polis la tire sou pèp la!
Sang koule bò ri!
Gwo non, gwo pale,
Men pyès pa janm chanje.
Gwo non, gwo pale,
Men bandi yo ap avanse!

Yo te di nou : “Ann mete tèt ansanm,”
Pou chase lènmi ki pran katye yo.
Men koukou chita sou branch palmis,
Se nou menm y ap chase anba gaz, anba bal, anba soley cho.

Refren
Polis la tire sou pèp la!
Sang koule bò ri!
Gwo non, gwo pale,
Men pyès pa janm chanje.
Gwo non, gwo pale,
Men bandi yo ap avanse!

Vè 2
Pòtoprens dechire,
Li rale do l pou l al kache nan Petyonvil.
Katye tounen peyi pa yo,
Gouvènman ap fè sòti ak referandòm pap janm rive.
Jounen pase,
Moun mouri,
Teritwa pèdi,
Peyi fin depafini.
CPT gen yon lane,
Men li pa janm mete yon pa.

Chak mo se rèl, chak fraz se kri,
Men tout sa rete nan mikwo,
Depi gouvènman an ap fè mizik vid,
Pèp la ap danse sou silans gwo dlo.

Polis la tire sou pèp la!
Sang koule bò ri!
Gwo non, gwo pale,
Men pyès pa janm chanje.
Gwo non, gwo pale,
Men bandi yo ap avanse!

Haïti, ou tounen mo sou papye,
Yon rèv kase, yon tè kraze,
Nou pa wè limyè,
Men nou pa janm sispann priye…

pwodwi pa cba

audio

The post Rezo Nòdwès | Mizik – Polis la tire sou manifestan yo pandan gang yo ap vanse (audio) first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par:

Rate it

Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.