Auditeurs:
Meilleurs auditeurs :
play_arrow
RADIO DROMAGE
Let Offisyèl REBHA
Pou Yon Konstitisyon Legitim e Souveren
Rejte Fo Refon Konstitisyonèl e Defann Dwa Souverènte Pèp Ayisyen
Nou menm nan REBHA, nou kanpe fèm sou tout tantativ manipilasyon ak trèt yo vle mete sou do pèp ayisyen an. Nou konstate ak gwo endiyasyon ke yon gwoup moun san lejitimite, ke pèp la pa eli, vle fòse yon refòm konstitisyonèl anba menas ak malveyans. Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) sa a, ak tout manm Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa (CPT), pa gen okenn lejitimite pou adopte okenn refòm sou Konstitisyon nou an!
Nou denonse ak tout fòs nou tout manèv ki fèt pou detwi dwa nou kòm pèp. Yon konstitisyon se pa yon zouti pèsonèl pou otorite enstale ak fo konsansis! Se pèp ayisyen sèl ki dwe deside sou avni l! Se li ki pou vote epi aksepte nenpòt chanjman sou dokiman ki se fondasyon egzistans li kòm nasyon.
Nou mande tout pèp la leve kanpe!
Nou pa ka kite yon ti gwoup ap vann peyi a bay etranje, mete lwa imoral sou do nou, e kontinye demantibile resous nou yo! Si nou pa fè atansyon, demen y ap vle pase tout tè nou yo, tout richès nou yo, bay lòt nasyon pandan pitit tè a ap mouri grangou.
REBHA Di NON!
Nou ankouraje tout sitwayen konsekan pou rete vijilan e mobilize! Nou pap pran gol a min! Nou dwe defann nasyon nou, nou dwe defann Konstitisyon nou!
Pou Souvènte, Pou Dwa Pèp la, Pou Avni Ayiti!
VIV AYITI LIB!
VIV SÈVOUÈNTE PÈP AYISYEN!
Pou REBHA,
Òganizasyon REBHA
The post REBHA rejte fo refòm konstitisyonèl e defann dwa souverènte Pèp Ayisyen first appeared on Rezo Nòdwès.
Tweet Le 11 Janvier 2026 Son Excellence Monseigneur Pierre André DUMAS Évêque Diocèse de l’Anse-à-Veau et Miragoâne Monseigneur, C’est avec une profonde stupéfaction, mêlée de tristesse et de désarroi, que j’ai pris connaissance de votre lettre adressée au coordonnateur du CPT, Monsieur Laurent St-Cyr, par laquelle vous vous proposez comme […]
1
play_arrowK-Dans
2
play_arrowDjakout #1
3
play_arrowHarmonik