POU YON REÒGANIZASYON ADMINISTRATIV REJYON BA-NÒDWÈS
Dabò nou salye avèk anpil antouziasm desizyon Gouvènman Gary Conille/KPT a pran pou kreye pa Dekrè, ki pwomilge ak pibliye nan dat 4 septanm 2024 la nan jounal ofisyèl LeMonitè (Nimewo espesyal 45-A), yon Tribinal premyè enstans (Tribinal sivil) nan komin Jan-Rabèl. Nouvo Tribinal sa ki gen jiridiksyon sou 4 komin (Jan-Rabèl, Mòl-Sen-Nikola, Bonbadopolis ak Bè-de-Hèn) pral rann jistis la pi pwòch popilasyon an, men osi li pral patisipe nan dinamize ekonomi vil Jan-Rabèl la nan pèmèt plis aktivite ak anplwa dirèk e endirèk kreye pou divès kategori (jij, avoka, pèsonèl jidisyè, machann, etc.).
Sepandan, pou yon mèyè òganizasyon administrativ ak devlopman ekonomik rejyon Ba-Nòdwès la, li enpòtan pou ke gen lòt desizyon ki pran pa otorite Leta santral la. Nou ap raple ke rejyon sa konsantre plis pase yon tyè (1/3) nan popilasyon total Depatman Nòdwès la (280 000 / 728 807 abitan, selon sous IHSI yo, 2015). Men pami kèk desizyon ijan ki dwe pran nan sans sa a:
1.- Kreye yon lòt awondisman administratif nan rejyon Ba-Nòdwès la
Selon dokiman administrasyon piblik ayisyen an, genyen yon sèl awondisman nan rejyon Ba-Nodwès la ki se awondisman Mòl-Sen-Nikola (awondisman sa konstitye pa 4 komin mwen deja site pi wo a). Limenn ak yon pati nan komin Pòtpe a (notamman 4èm seksyon kominal Bochan ak Ba-dè-Moustik) fòme rejyon Ba-Nòdwès la. Si nou pran an kont kritè demografik ak tèritoryal yo, li posib pou repati an 2 divizyon administrativ awondisman Mòl-Sen-Nikola a. Nan lojik sa nou ap obteni chema sa a: Awondisman di Mòl-Sen-Nikola (ki ta dwe gen 3 komin ladann Mòl-Sen-Nikola, Bonbadopolis ak Bè-de-Hèn) ak Awondisman de Jan-Rabèl (ki li menm tou ta dwe gen 3 komin: lavil Jan-Rabèl + 2 lòt komin mwen pral site nan Nimewo 2 a. Awondisman Jan-Rabèl la ta dwe kreye pa yon dekrè gouvènmantal oubyen yon lwa ke Palman ki ap soti nan pwochen eleksyon yo ta dwe vote.
Konpare ak tèritwa rejyon sa moun yo rele Wo-Nòdwès la ki li menm genyen 2 awondisman (Pòtpe ak Sen-Lwi-di-Nò), rejyon Ba-Nòdwès la etann li vrèsanblableman sou plis sipèfisi tèritoryal (pou verifikasyon: ale wè ak byen analize kat gewografik depatman Nodwès la sou Google map).
2.- Kreye 2 lòt komin nan Ba-Nòdwès la: Ma-Wouj ak Kabarè (« Kabarè-Lakoma »).
Si mwen baze m sou dènye done estatistik ki pibliye sou popilasyon ayisyen an (IHSI, 2015), Lakoma ki se 1è seksyon kominal Jan-Rabèl la, reyini tout kondisyon pou Gouvènman an relve l nan ran komin. Dabò li konsantre yon fòt popilasyon: plis pase 25 500 abitan. Se bokou, si nou konpare l ak kantite abitan vil Jan-Rabèl la ak 6 lòt seksyon kominal Jan-Rabèl yo konpile o total (anviron 120 000 abitan). Se bokou pou Lakoma, egalman si nou konpare l ak kantite abitan yon komin tankou Chansòlm genyen (30 361, selon IHSI 2015) oubyen yon lòt komin tankou Bè-de-Hèn (27 283).
Lakoma se osi youn nan seksyon kominal ki etann sou plis sipèfisi. E kòm pami tout katye yo ke 1è seksyon Lakoma a genyen se Kabarè ki parèt pi devlope pase yo, e si n konsidere osi pwoksimite jewografiko-estratejik li pa rapo ak yon pò ki trè pwòch ki reprezante yon gran potansyèl devlopman (Port-à-Lécu), pou rezon sa yo mwen prekonize pou relve Kabarè nan ran komin pito. (Pou evite yon konfizyon toponimik ak yon lot komin nan Depatman Lwès peyi a ki deja pote menm nom sa, nou kapab rele l « Kabarè-Nodwès » ou « Kabarè-Lakoma » de preferans). Nan menm dekrè sa, otorite yo kapab rapatriye sèten lòt zòn ou seksyon kominal tankou Bochan ak Ginode nan evantyèl komin Kabarè sa.
Answit, Ma-Wouj (ki se 2èm seksyon komin Mòl-Sen-Nikola) ki li menm pou kont pal gen 17 283 abitan sou yon total 33 863 ke komin Mòl la genyen, kapab relve nan ran komin tou. Donk, evantyèl awondisman Jan-Rabèl la ta dwe gen omwen 3 komin: Jan-Rabèl, Kabarè-Lakoma ak Ma-Wouj. Yon tèl reòganizasyon administrativ ap gen pou objektif pèmèt yon pi bon administrasyon ak distribisyon sèvis piblik yo e rann yo pi pwòch popilasyon Ba-Nòdwès la. Nan fason administrasyon kominal Jan-Rabel yo ap aji, nou gen kom enpresyon ke yo bliye si lot seksyon ak katye kominal yo egziste. Dote gran zon sa yo pwop zouti administratif yo se asire yo mwayen pou yo devlope tèt yo pi byen.
Pou fini, refòme agrikilti a ak bon jan kanal irigasyon sou rivyè yo (baraj sou dlo Twa-Rivyè a), konstriksyon wout, pò ak bon jan ayewopò nan Nòdwès la, pwomouvwa endistri lapèch ak santral elektrik de kalite, se pami mwayen esansyèl nou dwe dote Depatman an si nou vle yon devlopman rejyonal ak yon otonomi sosyo-ekonomik tout bon vre.
Johnson Jean-Baptiste, LL.M., MPhil. Professeur de philosophie de carrière | Université publique du Nord-Ouest PPx (Haïti) Spécialiste en droit des sociétés et des marchés financiers;Ex-vérificateur des finances à Cour Supérieure des Comptes (CSCCA). E-mail: jjb.avocat@gmail.com | Tél: +1-438-233-4474
Tweet Un juge fédéral a suspendu, mardi, la décision de l’administration Trump de démanteler Voice of America (VOA), le média public international américain fondé en 1942. Cette décision fait suite à un décret présidentiel signé le 14 mars, réduisant drastiquement le financement de l’Agence américaine pour les médias mondiaux (AIM), […]
Tweet Après une tournée prometteuse en Amérique du Sud, marquée par une victoire et une courte défaite contre le Chili, les Grenadières entament un nouveau chapitre sur le continent nord-américain. Sous la houlette de Malou Quignette, la sélection féminine haïtienne affrontera le Canada, 7e nation mondiale et champion olympique en […]