Actualités

Omaj Marcel Poinsard Mondésir pou Liliane Pierre-Paul yon lane aprè depal britsoukou

today2024-08-01 7

Arrière-plan
share close

Lili Nyaj yo toujou kouvri kadran sou Solèy 4è a!

Jodi 31 jiyè 2024, yon lane jou pou jou depi solèy 4è a pa klere menm jan ankò sou kadran Radyo yo nan peyi dAyiti.

Ayiti cheri Lilianne Pierre-Paul la.

Yon lane depi 4è nan lapremidi pawòl pèp la pa pale menm jan ankò.

Kiyès moun ki kapab entèpele krazè peyi yo?

Kiyès vwa ki kapab vin mande esplikasyon sou mach Leta kote se te yon Tranzisyon Koupe Fache yo te di k ap genyen.

Kiyès vwa k ap rele anmwe pou mande Èske eskandal BNC a nan koupe fache a?

Ki vwa tankou Vwa 4è a k ap mande pou nou souple kisa Polisye Kenya yo ap fè la?

Kiyès vwa tankou sila nan jounal 4è a k ap poze kesyon Kilè refijye yo ap tounen lakay yo?

Kiyès vwa tankou vwa Liliane Pierre-Paul la, Lili pa nou an, k ap vin di Pòtoprens ap koule tout bon anba fatra. Kote pwogram Asenisman pase? Pouki se Magalie Habitant k ap pilote pwogram sa?

Kiyès vwa, tankou vwa Lili pa n nan, ki pral rele Minis Antoine Augustin, nan Emisyon Enterè Piblik pou l mande l, kouman Antre lekòl la pral fèt? Kijan minis Augustin ap fè diferans lan?

Kiyès je, tankou je Liliane Pierre-Paul, k ap gade epi konprann pou rele Konseye Fritz Alphonse Jean, pou di l, kisa w ap fè pou ekonomi an ki anemi an, pou l reprann jèvrin? Ki kote w ap manyen l, pou w kase chenn sa ou rele “capture de l’État” kote oligopòl yo sèl kòk chante?

Wi Fritz Jean, ou te toujou di Klas mwayèn nan fin dekapitalize e mwen menm Liliane te toujou dakò ak ou. Men, kounye a, fè m santi kote m ye la, w ap aji pou Ayiti tounen yon peyi “attractif”.

E ou menm Leslie Voltaire, ki diferans Fanmi Lavalas, apa nou pa janm fè bilan eta enfrastrikti peyi a mesyedam Fusion yo depatcha pak an pak la. Konsa, mwen menm Liliane, mwen ta renmen konnen si  Fanmi an santi l alèz nan galimatya Edmonde le Supplice Beauzile ak Rosemond Pradel kite pou Ayiti a?

Yon lane  apre kote m ye la m ap mande kisa n ap fè? Ki plan k genyen pou pèmèt Ayiti respire?

Yon lane apre ki vwa k ap vini pou di nou pa kapab soti nan PHTK pou n tounen pirèd toujou nan PHTK. Èske Ayiti se pitimi san gadò vre?

Ekip Kiskeya, Marvel, Stéphane ak tout estaf radyo a, rete doubout. Anyen pa dwe detounen nou sou wout DEMOKRASI A. Mwen fè yon Ti pale ak Sony, li di m di nou Nyaj ki kouvri syèl Solèy 4è a genyen pou l disparèt paske Vwa nou pap janm etenn vre.

Marcel Poinsard Mondésir

31/07/2024.-

Dlo toujou ap koule nan Je n!

The post Omaj Marcel Poinsard Mondésir pou Liliane Pierre-Paul yon lane aprè depal britsoukou first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par: Viewcom04

Rate it

Articles similaires

Actualités

CEP : vers des élections à deux tours sous deux Constitutions — une dérive cautionnée par Fils-Aimé et ses alliés Lavalas, PHTK, En Avant…

Tweet Processus électoral en Haïti : l’ombre d’un double cadre constitutionnel soutenu par le pouvoir en place — toute initiative tendant à modifier la Constitution par référendum ou consultation populaire demeure strictement interdite ; dans tout État de droit, des dirigeants respectueux des normes s’écartent d’une telle démarche, passible de […]

today2026-04-09

Actualités

Israël bombarde le Liban : la trêve en Iran fragilisée

Tweet Une trêve fragile entre l’Iran et les États-Unis est entrée dans sa deuxième journée, alors que des frappes israéliennes meurtrières au Liban menacent de compromettre le processus. Selon les autorités libanaises, ces bombardements ont fait 182 morts et 890 blessés, visant notamment des zones résidentielles à Beyrouth. Malgré le […]

today2026-04-09


Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.