Actualités

Èske nou ka drible lavi? Gary S. Daniel ap reponn

today2025-01-15 1

Èske nou ka drible lavi? Gary S. Daniel ap reponn
share close


Nan galri powèt ayisyen ki plis detèmine pou mennen pwezi a sou teren lavi a epi fè nou konprann li tankou yon match foutbòl, Gary S. DANIEL chita kè pòpòz, li kwaze pye l nan powèm ak yon lyonn zetwal nan plamen l.

Li klè, Gary S. DANIEL nou tout konnen sou non Nèg Gonbolyen, ak tout boul kristal Okap nan je l, envite nou pale ak lavi, entèwoje l, poze l kesyon, rale l sou kòd, jwe tout kalite jwèt avè l epi fè l konnen, nou se jenerasyon moun ki pa pè gade ata Bondje nan je ale wè pou danje. Se yon egzèsis tou nèf tout atisplim ta dwe fè pou mennen ekriti a nan jijman. Sanble pa gen pi bèl eksperyans pase sa, lè sitou powèt la kanpe kinalaganach pou raple limanite lavi dwe eksitan.

Se konsa, Gary S. DANIEL itilize pwezi a kòm espas, refij, teritwa, nou pa ka pè di sa, pou non sèlman li abite, men tou pou li renmèt lavi monnen pyès li. E jwèt rale mennen vini sa nou jwenn li nan divès zèv otè a pibliye deja. Nou ka site : Kanmizòl nan peyi Gonbolyen, Pwezi gòl, Foutbòl lavi 2 a 1, Litani pou woz, apre vwayaj nan peyi Gonbolyen, pou nou site piblikasyon sa yo sèlman.

Nan kad piblikasyon dènye liv kreyatè a ki pote tit Drible lavi, nou te kwaze ak otè a epi poze l kèk kesyon pou ede nou pi byen sezi filozofi ki kache dèyè filozofi foutbòl lavi a. Manm Sosyete Koukouy la te pran plezi reponn nou. Nou envite w fè vwayaj sa ak nou.

Iléus PAPILLON : Gary Daniel, ou se yonn nan powèt ayisyen ki plis aktif nan dènye moman sila yo. Ou fenk pibliye Drible lavi: si w kapab?. Di nou, kote lide sila soti, lè nou konsidere liv sa, se yon suit de plizyè zèv ou pibliye deja?

Gary DANIEL: Mwen kontan anpil ou ban m posibilite pou m reponn kèk kesyon sou Drible lavi… ak lòt liv pwezi mwen pibliye. Lane pase nan mwa fevriye 2024, mwen te pibliye yon lòt rekèy pwezi ki rele Twa Powèm pou Mounite Fleri. Se yon liv pawoli Doktè Sandy Larose, yon jèn tankou w, te ekri lanpatèks lan pou mwen.

Se pou m di w Drible lavi… te pou sòti anvan Twa Powèm pou mounite Fleri osinon se pou m ta di w daprè konsèy kanmarad Sosyete Koukouy Seksyon Kanada mwen yo te ban m se konsa mwen fini pa chanje lide mwen te gen anvan an pou m te kenbe teknik foutbòl la kote se pa sèlman 11 mo osinon 11 silab men 11 liy tou. Twa Powèm pou Mounite Fleri pote nan chak powèm yo estwòf ki gen 11 liy ladan yo esepte yon sèl nan estwòf yo ki gen 10 liy. 

Ki fè, depi apre twa premye plakèt pwezi m pibliye yo, mwen rantre nan aplikasyon grandèt Mouvman Kreyòl/Sosyete Koukouy yo te swete reyalize, pa sèlman nan nannan woman, listwa, nouvèl, elatriye, pa sèlman nan vizyon yo kote yo te toujou pouse pou Literati kreyòl ayisyen an janbe dlo, tankou kòkennchenn travay kouzen Anivince Jean-Baptiste (Tivince) ap fè ak Festival Entènasyonal Literati Kreyòl men tou nan fason ak teknik pou nou kreye fòm literè inik ak lang kreyòl la. Grandèt yo te toujou mande nou pou nou pa rete suiv sa lòt peyi ap fè nan literati a men vini ak wout pa nou tou pou moun ka sib nou tou.

Mwenmenm, nan literati, kit franse, kit espanyòl, kit angle e kèlkeswa lòt lang osinon wout nèf pozitif Ayisyen parèy mwen fè an, se pou m bat bravo pou li. Paske Grandèt yo ki te kreye nasyon ayisyen an kreye yon nasyon inik pou bay mo libète a vrè sans li alawonnbadè sou planèt tè a.

Se ak santiman vizyonè sa yo avoka, powèt, imanis Mèt Moïse kreye “Moïku” e mwen pibliye nan Edisyon Freda: {“Mòykou san “r” “oun”} an kreyòl jis pou m aplodi bèl travay sa a.

Se pa sèlman lanmou, lapenn, souvnans, lapriyè, libasyon, listwa, politik, anviwònman, elatriye. ki inivèsèl anndan mounite n, men tou tout sa ki konsène atizay dwe miwate anba solèy twopikal premye nasyon libelibè a nan monn lan. Konprann, lang nou an pa lang zòt ki pran koulè anba chalè tropikal.

Mwen se Ayisyen, mwen se kreyòl nan nanm malgre se te 2 frè “Colas” ki te soti laFrans ki vin marye ak 2 sè “Butler” ki te soti Pennsilvani, Ozetazini ki vin kale tout “Colas” sa yo ou tande anndan peyi a.  

Lide a soti nan fen fon analiz mizik popilè nou yo, chante nanchon an depi nan bato pandan latravèse, pase pa sivivans yo sou labitasyon pandan lesklavaj rive sou espò ki pi popilè nan distraksyon sosyete nou ye a. Filozofi w ap pale a se fondas sous kreyolizay nou ki soti nan oraliti a ak listwa literati Ayiti a ki koumanse wè jou ak Arawak yo, pase pa debwa esklavajis la pou rive sou Asyanis la.  Tankou m te di l dènyèman: “Pwezigòl” se pitit “wongòl”, se pitit “zwing”, se klisaj literè nan lespri manifès Mouvman Kreyòl/Sosyete Koukouy kote vanyan Jan Tanbou mande n kreye pou n flerize literati kreyòl fètefouni a. Li kapab parèt senp pou anpil ekritè e se nan senplisite lespwi pran jarèt.

Ak Pwezigòl, nou demontre kouman lavi a se yon jwèt foutbòl li ye kote l ap toujou kale kèlkelanswa w yon Pele osinon yon Messi alewè pou w ta yon Emmanyèl Sanon ki pete filè gadyen italyen an, Zòf, menm. Sa k fè lavi ap toujou genyen se paske l se kòfrefò tout souvnans lekzistans nèg nou ye jodijou.

IP: Èske nou ka atann nou a yon suit, sa vle di, pou nou rejwenn menm filozofi sa nan lòt piblikasyon w ap gen pou w fè?

GSD: Ilé, sa m ta swete reyèlman wè se frap jenn ekriven ki konprann goumen ak koupe souf osinon souf koupe Grandèt yo ki kite liy pou nou pandye lekzistans nou nan kou lemonn san espere yon segonn moun lòt peyi va rekonèt talan yo konsa yo va santi yo gran osinon pi konnen pase frè ayisyen parèy yo. 

Nou tout ap respire menm oksijèn lan epi n ap manje menm manje fre a nou te plante bradsi-bradsou san konplèks pou nou kreye menm jan ak Papa nasyon an JanJak Desalin te mouri kite pou nou an.

Miwatay filozofi sa a nan lòt piblikasyon kapab pran lòt fòm tankou vè libelibè. Mwen gen nan kouti yon plakèt powèm k ap pote non: Po li ti kay /Poli ti kay nan yon ang pwenti. Se va toujou vèsman nanm Nèg Gonbolyen an nan yon seri de pawoli pou kontinyasyon kreyolizay fètefouni n ap chache a.
IP: Men yon kesyon ki ka parèt tankou yon pyèj (riiii). Nou remake gen de gran non nan milye enteletktyèl ayisyen an (Sandy LAROSE ak Henry Robert DURANDISSE, paregzanp) ki salye dènye zèv ou a. Ki sa aksyon sa vle di pou ou?

GSD: Mwen santi m onore paske se de konpayèl ki konnen travay la e san achte figi yo di sa yo santi apre yo fini li maniskri a. Konprann, Doktè Sandy Larose se yon jenn k ap pwofese yon bon bout tan nan Inivèsite Leta Ayiti a epi ki fè anpil rechèch tou. Li konnen sa l ap pale a piske li se yon kreyatè fòm pwezi epi filozòf tou. Henry Robert Durandisse se yon maton literatè ki soti Leyogàn ak yon fòs metasosyoliterè (se mo pa mwen) ayisyanis li kiltive pou apresye chalè bèl reyon solèy sou wout kreyolizay fètefouni nou tout Koukouy yo ap chache a.  

IP: Si pou Sandy LAROSE liv Drible lavi si w kapab la voye nou panse mounite (limanite, viv nan fratènite) yon lòt fason, pou Henry Robert DURANDISSE, liv sa se yon selebrasyon angajman yon pèp ki kanpe danbann ak lang li kòm zouti rezistans, pilye idantite l pou l kanalize desten l, kijan w twouve kritik sila yo?

GSD: Bon, mwen panse yo daplon nan sa yo wè a. Mwen pa janmen ni renye ni wont anbwase mounite mwen. Mwen itilize lang manman mwen san grate tèt. Sa k di a se lè w wè pwòp ayisyen parèy ou ap denye se Ayisyen yo ye epi depi yo ta gen yon plòm sa fè yo siperyè pase yon lòt moun. Konsa mwen pa kwè yo reflechi yon fraksyon segonn piske tout edikasyon yo soti kote yo renye a, kote yo te fèt la, kote kòd lonbrit yo tere a.

Se banbou, se tanbou, se vaksin, se kata, se rara, se wozali, se madan blan, se mang ti bòzò, se mang doudous, se kann kale, se lamveritab, se kasav, se chanmchanm, se bougonnen, elatriye..

Alòs, lè w konprann nan mitan tout mèvèy natirèl sa yo ou jwenn bèl negrès ak marabou kòman pou w fè pou pa renmen Ayiti tè paradizyak sa a ak bèl plaj, bèl lanmè, bèl rivyè ak basen tankou Basen Zim nan Ench?

IP: Nou konnen sa gen anviwon 40 lane depi w ap viv kay Tonton Sam (Etazini) malgre sa, ou toujou bradsoubradsa ak lang peyi w. Poudayè, se ladan ou pibliye pi fò zèv ou. Ki sa Gary DANIEL montre nan demach sila?

GSD: Wi! Mwen genyen plis pase 40 lane vre depi m ap viv kay Tonton Sam. Sa pa retire yon zing nan lanmou m pou peyi m. Mwen kite Ayiti, san m pa te konnen tout tan sa a t ap bare m deyò. Men Ayiti pa janmen kite m. Si gen moun ki vini Ayiti ki damou l san yo pa te fèt ladann se pa mwen ki gen lonbrit mwen tere Okap ki pa ta santi chalè sa a. Genyen 2 moun nan mitan anpil lòt ankò m kapab site: Katrin Denanm ak TiKòn. Yo toulede demontre m pa a plis b kouman nati peyi a melanje ak listwa l liminen flanm sou tèt bwapen lanmouray yo. An pasan m vle w konnen se gran papa m ki te konn mennen TiKòn lekòl pou anbasadè Shut. E nan yonn nan CD TiKòn yo si se pa anvan dènye CD li a, li dedikase yon mizik ki rele “Plakatap Plakatap” ki te ti non gran papa m Frank Preval Daniel ki soti Dondon, pou li.

Alòs, nan demach itilizasyon lang kreyòl la, mwen vle demontre se pa lang ki fè moun e mounite ayisyen an se inik idantite ki lib e libè nan echèl sosyal mondyal la. Si swadizan gran peyi nan monn lan ap toupizi lòt peyi nan zafè materyèl, swadizan gran peyi sa yo p ap janmen jwenn grandè nanm idantitè ayisyen an piske divize pou mete pye sou kou yon Ayisyen se boure plis oksijèn rezilyans pou l toujou ekziste etènèlman.

Se rezon sa a vrè Ayisyen an ap toujou di tankou Moriso Lewa te di li: Viv Papa Desalin!

Se Iléus PAPILLON ki te kesyone otè a.

The post Èske nou ka drible lavi? Gary S. Daniel ap reponn first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par:

Rate it

Articles similaires

Actualités

Comment l’université haïtienne peut-elle regagner ses lettres de noblesse ? 

Tweet par Carly Dollin La bonne gouvernance de la recherche et de l’enseignement supérieur s’avère cruciale pour dégager compétitivité et efficience dans la mise en œuvre des projets de société. C’est en investissant dans une université axée sur l’innovation et l’excellence académique que les sociétés accomplissent la noble mission de […]

today2025-02-07 1


0%