Serge Madhère, Michel Ducasse ak Lyonel Desmarattes alonè pou 6èm edisyon Festival
Tweet Nan yon kominike Association FEL Caraïbes pataje lajman sou rezo li yo samdi 1e me 2024 la, responsab yo devwale non twa (3) ekriven k ap alonè nan 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL 2024). Sou tapi donè a, nou jwenn : Serge Madhère (Ayiti), powèt, doktè nan statistik ak metòd rechèch, pwofesè inivèsite Ozetazini ; Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, tradiktè literè, jounalis, fòme nan domèn lenguistik ak lèt, epi Lyonel Desmarattes ki se ekriven, jounalis, tradiktè […]