Ayiti, kri san w ap koule, Chak jou, se rèl ki mennen lapli, Maman kriye, papa peri, Timoun dòmi anba plon lari.
Nan katye se bal kap chante, Yon lòt frè m tonbe san regrè, Pèp la fatige, sa fini nèt, Men tout sa yo ap fè, se mete bal sou tèt.
Refrèn
Bal ap chante, se vi n ap pèdi, Nou vle libète, men lanmò li chwazi, Nou vle lapè, men nèg ak zam di non, Jodi a Ayiti se lanfè sou tè sa a.
Vèsè 2
Timoun grangou ap tann solèy leve, Pou yo bwè dlo selman pou yo pa tonbe, Gouvènman ap danse, li ap selebre, Pandan nou anba flanm dife.
Gen fanmi ki kouri, san pa gade dèyè, Yon lòt ap priye, men Bondye pa tande, Paske move zanj yo met men nan wout, Yo vann peyi a pou pouvwa, pou goud.
Nou pa manje, nou pa dòmi, nou pè soti, Nou pè vi, nou pè lanmò, nou pè tout bagay. Yo ba nou bal, yo ba nou mizè, Men yo di n al danse, al fè kanaval, Al fete pandan timoun ap mouri grangou. Ayiti, ou konn sa w ye ankò? Ou se peyi nou oswa simityè n ap viv la?
Refrèn
Bal ap chante, se vi n ap pèdi, Nou vle libète, men lanmò li chwazi, Nou vle lapè, men nèg ak zam di non, Jodi a Ayiti se lanfè sou tè sa a.
Tweet Le marché mondial des tablettes connaît en 2026 une accélération technologique sans précédent, portée par l’intégration de l’intelligence artificielle générative et la généralisation des dalles OLED dans le segment haut de gamme. Apple domine toujours le secteur avec son iPad Pro M4, considéré par les analystes comme la référence […]
Tweet Les intrigues politiciennes visant à acquérir ou à conserver le pouvoir au détriment de l’intérêt général provoquent un agacement extrême et une frustration insupportable. Ce qui se passe en ce moment en Haïti a de quoi rendre fou. Nous aurions parlé de honte si ce mot avait encore un peu de sens dans un […]