Listeners:
Top listeners:
RADIO DROMAGE
Pozisyon Pati Politik AKAO sou Konjonkti a.
Apèl patriyotik pou fòs viv nasyon an nan peyi a tankou nan diaspora
Pati AKAO eksprime senpati li a tout moun k ap soufri anba zak gwoup ame yo nan kat kwen peyi a. Nou di tout moun fòs, kouraj ak rezistans nan sitiyasyon sa a. Sa fè plis pase 3 lane depi nèg ak zam ap taye banda nan plizyè katye ak komin nan peyi a. Menmsi tout klas ak kategori sosyal ap sibi, sa pi grav sitou pou klas mwayèn defavorize yo ak tout travayè yo. Lamizè ap vale tèren nan depatman Lwès, Sid, Nip, Grandans, ak Latibonit. Ensekirite /Laterè sa a nèg ak zam kreye nan peyi a pote plis prekarite sosyoekonomik, prekarite lavi pou anpil sektè :
Jenès la ki deja pa t wè kote lavni yo ye, ki t ap sibi gwo konsekans chomaj masif lan, tonbe nan yon dezespwa total. Yon sèl solisyon anpil nan yo wè se kite peyi a.
Sitiyasyon sa pa dwe kite n sèlman ap plenn nan kè. Kidonk pati AKAO kwè li nesesè pou n chèche konprann epi reflechi ansanm sou kijan pou mete yon bout nan sityasyon sa a. Pou pati a, gen anpil eleman kontèks ki dwe ede peyi a konprann, pandan nou pap bliye gwo katastwòf natirèl ki frape peyi a depi kòmansman syèk la, plizyè siklón plis tranbleman tè nan lane 2010 espesyalman :
Lè nou byen konsidere espesyalite nèg ak gwo zam fann fwa sa yo, pèp la dwe konprann se pa travay ti volè oubyen sa yo rele krim òganize. Se pito travay gwo piyajè ki chita sou fòs zam yo k ap rapouswiv objektif politik, ekonomik ak finansye yo, paske menmsi nèg ame sa yo pa janm avwe klèman pou ki kòz tout zak teworis sa yo kont popilasyon an, li klè yo gen yon ajennda.
Dayè anpil pawòl k ap pale nan laprès entènasyonal ak nasyonal lonje dwèt sou yon seri gwo potanta ak politisyen ki finanse aksyon ame sa yo. Gwo rapò ki sòti nan Nasyon Zini idantifye epi lonje dwèt sou yon seri endividi. Antouka li parèk klè chavire chodyè a pa objektif aktè sa yo. Deblozay nèg ak zam yo pa menase entèrè klas dominant tradisyonèl yo (ki chita biznis yo sou la rant ak rapin). Istorikman, gwoup sa yo se yon kolonn predatè ki pa janm bay Nasyon an regle anyen pou yo. Kidonk yo pa enterese non plis pou genyen yon Leta ki kapab bay popilasyon menm yon seri sèvis minimòn. Kolonn nèg ak zam k ap masakre epi teworize mas pèp la pa pwoblèm yo. Kidonk, objektivman klas oligachik rantye sa a ak nèg ak zam sa yo se kòkòt ak figaro. Travay nèg ak zam sa yo fikse atansyon tout moun k ap sibi sou kijan pou yo chape poul yo, nèg ak zam detounen atansyon tout moun k ap sibi sou revandikasyon lavi miyò, sètadi revandikasyon pou kat la rebat, revandikasyon pou peyi a granmoun tèt li. Nèg ak zam sa yo ap fè travay divèsyon nan enterè oligachi rantye a.
Nan AKAO, nou rete kwè deplwaman tout ti gwoup ame sa yo pa t ap posib, pa t ap ka kenbe tout tan sa a, si yo pa t melanje ansanm avèk gwo rezo ki byen souche nan komès ak endistri peyi a e nan tout fòm trafik transnasyonal. Si lapolis la ak lame a pa ka fè fas kare avèk Gwoup ame yo se pa paske yo genyen yon pisans ki depase limit, se sitou feblès akòz disfonksyónman aparèy Leta a, se sitou akòz kòripsyon ki gangrennen enstitisyon Leta yo. Anpil moun/aktè non yo ap site kòm konplis gwoup ame ap fonksyone trankilman nan peyi a san Lapolis ak aparèy jidisyè a pa enkyete yo, alòske tout rès popilasyon an nan kouri.
AKAO mande pou pouvwa anplas la, CPT a ak Premye minis la ak tout minis yo, ki asepte pran pòs sa yo nan yon kontèks espesyal sa a, montre se pa dèyè privilèj yo ye :
Yon lòt bò, AKAO vle lanse yon apèl rasanbleman pou tout fòs viv Nasyon an: eleman kòrèk ki nan fòs piblik yo ak sila ki nan tout ògan Leta yo, biznisman k ap pèdi envestisman yo, ouvriye, peyizan, tout kalite travayè, eleman nan tout nivo klas mwayèn yo, fanm, lajenès la. Gen nesesite ak obligasyon pou nou aji ansanm pou tranzisyon sa a jete baz pou nou fini nan kriz a repetisyon sa yo. Se pou tèt sa nou dwe anbrase kesyon Konstitisyon an, fòm ak modalite pouvwa politik yo. Se moman tou pou reflechi epi poze kesyon sou lòt pwojè sosyal ak ekonomik nou dwe tabli nan peyi a. Ki baz legal ki nesesè pou devlòpman ekilibre ekonomi peyi a, pou envestisman pwodiktif ka pèmèt peyi a angaje kapital nasyonal la epi atire kapital entènasyonal, pou pèmèt devlopman teknoloji ak konpetans, pou reponn a tout fòm bezwen konsomasyon lokal la ak yon meyè ensèsyon nan komès entènasyonal la? Ki baz legal ki nesesè pou nou konstwi yon klas antreprenè tou nèf apati piti ak mwayèn antrepriz yo?
Sou kesyon ekonomik sa yo, nou dwe demaske tout diskou nasyonalis oligachi monopolis la, gen nesesite pou transfome sosyete a pou l vin pi rich e pi jis pou nou ka estabilize peyi a e jwenn lapè k ap bon pou nou tout la.
Nan sans sa a, nan Pati AKAO nou pare pou nou pote kontribisyon pa nou nan yon gwo rasanbleman tout fòs viv nasyon an pou yon konbit relèvman nasyonal nan yon lojik liberasyon nasyonal, pou rekoud sosyete a (tissu social la).
Nan sans sa a tou, nou enterese anpil a reyalizasyon konferans nasyonal la ki dwe fèt la sou pwoblèm sosyo ekonomik yo pou rekonstriksyon Nasyon an.
Pou nou pi klè, sòti nan sitiyasyon latwoublay laterè sa a pa ka chita sèlman sou yon zafè fòs militè ak lapolis.
Pèp ayisyen, an patikilye klas popilè ak klas mwayèn yo ki sibi an premye tout gwo konsekans sosyo-ekonomik aksyon gwoup ame yo, pou nou pa repete erè tan pase yo, an nou reziste, an nou leve kanpe avèk yon pwojè politik k ap pote chanjman estriktirèl k ap pèmèt nou trase wout pou yon peyi kote tout moun se moun!
Viv Ayiti ! Viv yon Peyi granmoun, yon Sosyete san fòs kote.
Pòtoprens, Jou ki 3 Desanm 2024
The post AKAO : Apèl patriyotik pou fòs viv nasyon an nan peyi a tankou nan dyaspora first appeared on Rezo Nòdwès.
For every Show page the timetable is auomatically generated from the schedule, and you can set automatic carousels of Podcasts, Articles and Charts by simply choosing a category. Curabitur id lacus felis. Sed justo mauris, auctor eget tellus nec, pellentesque varius mauris. Sed eu congue nulla, et tincidunt justo. Aliquam semper faucibus odio id varius. Suspendisse varius laoreet sodales.
close1
play_arrowK-Dans
2
play_arrowDjakout #1
3
play_arrowHarmonik