Non classé

Administrasyon Trump lan anonse l ap sanksyone etranje k ap minimize oubyen rejwi nan lanmò Charlie Kirk

today2025-09-11 2

Administrasyon Trump lan anonse l ap sanksyone etranje k ap minimize oubyen rejwi nan lanmò Charlie Kirk
share close

Administrasyon Trump lan di li p ap tolere okenn etranje ki ap rejwi oswa minimize lanmò lidè jèn konsèvatè a

Lanmò Charlie Kirk, yon gwo figi konsèvatè nan Etazini ak yon pwòch alye ansyen Prezidan Donald Trump, kontinye soulve anpil pale anpil sou plan politik ak diplomatik. Kirk, ki te gen 31 an, tonbe anba bal ayè mèkredi 10 septanm nan pandan yon deba piblik nan Utah Valley University. Trajedi sa a fè tout peyi a tranble epi lakòz reyaksyon nan tout kouran politik yo.

Jodia, sekretè deta adjwen Christopher Landau anonse Etazini pral pran mezi sevè kont etranje ki ap rejwi, ki ap eseye jistifye oswa ki ap minimize lanmò Kirk sou rezo sosyal yo. « Etranje k ap bay glwa ak vyolans ak rayisman pa gen plas lakay nou », se sa Landau ekri sou X, pandan l ap envite moun yo denonse kont X ki tonbe nan kategori sa a bay otorite konsilè yo.

Deklarasyon sa a vini nan yon kontèks kote administrasyon Trump lan ap sere boulon politik migratwa yo ansanm ak kontwòl sou opinyon moun yo. Nan mwa ki sot pase yo, etidyan etranje ki te montre sipò pou koz pèp Palestinyen an oswa ki te kritike Izrayèl te deja sibi presyon nan men sèvis imigrasyon ICE. Gouvènman an te deja fè konnen li p ap bay viza ak moun li konsidere kòm yon menas pou sekirite nasyonal peyi a.

Disparisyon Kirk la, ki te koni pou diskou pwovokan li yo ak enpak li sou mouvman jèn konsèvatè yo, rive nan yon moman kote inivèsite yo deja ap viv gwo divizyon sou lagè nan Gaza. Anons Landau a, ke anpil moun wè kòm yon menas kont libète ekspresyon, riske mete plis dife nan tansyon ki deja genyen sou fason gouvènman an jere gwoup moun ki pa dakò ak politik li yo sou kanpis yo.

Li tou :

Le Forum des Anciens Premiers Ministres d’Haïti appelle le CPT à anticiper la crise du 7 février 2026

Écrit par: Viewcom04

Rate it

Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.