Doktè Kerry Norbrun avèti sou risk eskizofreni, sikoz, ak lòt efè devastatè sou sante moun ki konsome melanj bòz, alkòl, ak lèt.
Nan dènye tan sa yo, yon pratik vin popilè lakay kèk jèn gason se bwè yon melanj ki konpoze de bòz, lèt, alkòl (tout kalite), Sobrino, ak sik. Melanj sa a, ke anpil moun rele « Dope », bouyi anvan yo bwè. Men, dapre doktè Kerry Norbrun ki te pale ak Juno7 sou koze sa, konsomasyon sa a pa senpleman yon senp plezi, men yon gwo danje pou sante fizik ak mantal moun.
Doktè Norbrun eksplike ke moun ki pran abitid fimen bòz (marigwana) gen yon gwo risk pou yo devlope yon maladi mantal grav ki rele eskizofreni. « Si yon moun gen yon predispozisyon jenetik pou eskizofreni, bòz ka vin yon faktè deklannchè ki aktive maladi a. » Sa vle di, moun ki te deja gen yon teren pou maladi sa a ka vin soufri de li pi rapidman ak pi gravman lè yo konsome bòz.
Li ajoute ke bòz ka afekte sèvo a anpil, epi li ka mennen nan yon eta ki rele « psychose aiguë » (sikoz egi). Nan eta sa a, moun lan dekonekte ak reyalite, epi li ka fè alisinasyon. « Lè w wè yon moun kòkòy apre li fin bwè melanj sa a, se sèvo l ki afekte, epi li pa kapab distenge ant sa ki reyèl ak sa ki pa reyèl » presize Norbrun.
Melanj « Dope » a genyen ladan l tou alkòl, ki pa mwens danjere. Doktè Norbrun fè remake ke alkòl etilik (etanòl) gen yon pwen bouyi ki ba (78,5 °C), kidonk lè w bouyi li, yon gwo pati evapore. Men, si alkòl la pa evapore nèt, li vin pi konsantre epi pi danjere pou kò a.
« Vapè alkòl ka irite sistèm respiratwa a, lakòz vètij, oswa menm pèt konesans, » li eksplike. Anplis, konsomasyon alkòl an gwo kantite ka detwi fwa a, mennen nan maladi tankou siwoz oswa kansè fwa. Alkòl tou aji dirèkteman sou sèvo a, afekte newotransmetè GABA, sa ki lakòz pwoblèm nan jijman, kowòdinasyon, ak memwa.
Konsomasyon melanj « Dope » a pa sèlman afekte sante fizik ak mantal, men li ka gen konsekans grav sou lavi sosyal ak pwofesyonèl moun. Doktè Norbrun avèti ke bòz ka ralanti panse, memwa, ak konsantrasyon, sa ki ka anpeche jèn yo reyisi nan lekòl oswa nan travay.
« Si w remake w pa ka pase yon jounen san w pa konsome bòz oswa melanj sa a, ou ka deja devlope yon depandans, » li di. Li rekòmande jèn yo chèche altènativ pou jere estrès, tankou fè espò, meditasyon, oswa patisipe nan aktivite ki motive yo.
Doktè Norbrun bay kèk konsèy enpòtan pou moun ki santi yo depandan oswa ki vle evite risk sa yo : Chèche èd : Si w santi w depandan, pale ak yon moun ou fè konfyans oswa chèche èd pwofesyonèl. Pratike aktivite pozitif : Fè espò, meditasyon, oswa angaje w nan aktivite k ap anrichi lavi w. Evite melanj danjere : Pa eseye eksperimante ak melanj ki ka afekte sante w ak lavi w.
Dekouvri plis:
Affrontements entre gangs armés et police à Tabarre : nuit de terreur pour les habitants