Listeners:
Top listeners:
RADIO DROMAGE
Tit: « Ayiti Anba Bal »
Nan katye se bal kap chante,
Yon lòt frè m tonbe san regrè,
Pèp la fatige, sa fini nèt,
Men tout sa yo ap fè, se mete bal sou tèt.
Bal ap chante, se vi n ap pèdi,
Nou vle libète, men lanmò li chwazi,
Nou vle lapè, men nèg ak zam di non,
Jodi a Ayiti se lanfè sou tè sa a.
Timoun grangou ap tann solèy leve,
Pou yo bwè dlo selman pou yo pa tonbe,
Gouvènman ap danse, li ap selebre,
Pandan nou anba flanm dife.
Gen fanmi ki kouri, san pa gade dèyè,
Yon lòt ap priye, men Bondye pa tande,
Paske move zanj yo met men nan wout,
Yo vann peyi a pou pouvwa, pou goud.
Nou pa manje, nou pa dòmi, nou pè soti,
Nou pè vi, nou pè lanmò, nou pè tout bagay.
Yo ba nou bal, yo ba nou mizè,
Men yo di n al danse, al fè kanaval,
Al fete pandan timoun ap mouri grangou.
Ayiti, ou konn sa w ye ankò?
Ou se peyi nou oswa simityè n ap viv la?
Bal ap chante, se vi n ap pèdi,
Nou vle libète, men lanmò li chwazi,
Nou vle lapè, men nèg ak zam di non,
Jodi a Ayiti se lanfè sou tè sa a.
Ayiti, Ayiti…
Kilè l ap chanje…?
The post Ayiti anba bal (audio) first appeared on Rezo Nòdwès.
Tweet L’administration Trump a intensifié ses pressions sur Taïwan afin que l’île accepte de transférer jusqu’à 50 % de sa production de semi-conducteurs vers les États-Unis. Le secrétaire au Commerce, Howard Lutnick, a déclaré que cette coopération conditionnerait désormais la garantie d’une protection militaire américaine face à la Chine. TSMC, […]
1
play_arrowK-Dans
2
play_arrowDjakout #1
3
play_arrowHarmonik