Premye Janvye 2025 fè 221 lane depi nou pran lendepandans. Se te pou lapremyè fwa esklav revòlte te fè yon revolisyon epi kreye yon peyi endepandan. Nou tout ki konprann enpòtans istorik revolisyon sa a dwe fyè anpil. Men nan listwa nou aprann lekòl, yo sitou montre nou se gras ak gran ewo tankou Toussaint Louverture, Marie Claire-Heureuse, Dessalines, Capois La Mort, Christophe, Pétion, elatriye, ke nou te rive pran lendepandans nou epi te fonde yon nasyon lib. Se vre, fòk nou rekònèt gwo wòl lidè sa yo te jwe nan lit liberasyon an. Men li klè lit pou lendepandans lan, lit pou te detwi sistèm plantasyon esklavajis lan, lit pou te flanke tout kolon yo deyò, lit sa a pa tap janm rive fèt san patisipasyon mas popilè yo, kidonk, mawon yo ak tout ansyen esklav yo, ansyen afranchi yo, nwa kou milat yo. Nou dwe sonje tou lespri revolisyon an nan san nou toujou, wi nou kapab refè l ankò! Nou dwe refè l ak bonjan liy politiko-ideyolojik estratejik ak taktik!
Men li enpòtan jounen jodi a pou nou retounen gade lit ki ta pral mennen a lendepandans peyi a e sa ki pral pase apre pwoklamasyon lendepandans lan.
Lè nou analize soulèvman jeneral esklav yo an 1791, se te yon revòlt kont plantasyon esklavajis yo, sa yo rele gran bitasyon yo. Sou plantasyon sa yo, esklav t ap mouri pa pil pa pakèt. Lavi yon esklav pat dire plis pase 4 a 5 lane tèlman kondisyon travay yo te di. Move tretman, kout raso, travay plis pase 16 zèd tan lajounen kou lannwit te pouse anpil esklav pran mòn, ale nan mawon. Kidonk, lè revòlt jeneral la fèt nan lane 1791, objektif lan se te kraze rejim plantasyon yo, fout difè ladan yo, koupe tèt boule kay.
Men kòm richès koloni an, nou vle di richès gran plantè yo ak boujwa nan metwopòl Lafrans, se sou plantasyon yo li te chita, li te enpòtan pou kolon yo fè tout sa yo te kapab pou sistèm plantasyon an pat mouri. Se konsa, apre yo te oblije aboli lesklavaj, yo te remete sou pye sistèm plantasyon an. Men fwa sa a se te yon lidè nwa, Toussaint Louverture, natif natal koloni an ki te vin ap dirije l. Menmsi pat gen esklavaj ankò, kondisyon travay yo pat fasil ditou. Travay la te tèlman di, anpil travayè te oblije jete yo, pran bwa pou yo, retounen nan mawon.
Lè Napoléon Bonapat te tante retabli lesklavaj, se menm mawon sa yo ki ta pral ini tèt yo avèk dirijan tankou Jean Jacques Dessalines pou yo te mete kolon franse yo deyò tout bon vre. Yo te deklare lendepandans ak kreyasyon yon nouvo peyi Premye Janvye 1804.
Men kisa ki te pase apre pwoklamasyon lendepandans ak fondasyon nasyon an? Sistèm plantasyon ansyen mawon yo, ansyen esklav yo t ap batay pou yo te sòti ladann lan te retounen ankò. Fwa sa a, se te nouvo klas dirijan yo, ansyen ewo yo, ak gwo chèf militè lit pou lendepandans lan ki te met men sou tout bitasyon ak plantasyon yo. Pou nouvo klas dirijan yo, pou defann pwòp enterè yo, li te enpòtan pou yo kontinye eksplwate ansyen esklav ki te tounen klas peyizan travayè domine eksplwate.
Pou klas dirijan sa yo, richès yo te chita lan kontinye voye danre pou ekspòtasyon tankou sik, koton, kafe, digo elatriye nan peyi Ewòp yo. Kòm peyizan yo pat vle travay nan plantasyon ankò, klas dirijan yo te pran tout kalite lwa pou fòse yo retounen sou plantasyon yo. Se konsa, yo te vini ak kòd riral la; yo te kreye polis riral pou fòse peyizan al travay sou gran plantasyon yo. Se konsa, te vin genyen klas grandon yo ak klas peyizan-demwatye yo.
Gen yon bagay pou nou pa janm bliye, epòk apre lendepandans lan, 90% pèp la se te peyizan. Anpil nan peyizan sa yo, sak pa tap travay nan gran bitasyon grandon yo, se yo ki t ap travay latè pou kont yo pou bay peyi a manje. Peyizan pat jwenn ni lajan ni sipò nan men Leta. Yo pat gen okenn dwa; yo pat ka chwazi dirijan; yo pat gen okenn lekòl ni pou yo ni pou pitit yo; yo pat ka di anyen sou kijan peyi a ap dirije. Kidonk yo pat gen okenn dwa sitwayen!
Peyizan yo tap soufri tout move sitiyasyon sa yo. Se poutèt sa, nou te vin jwenn de lidè tankou Goman ak Akawo, de lidè peyizan ki te revòlte pou mande jistis ak pataj latè pou peyizan. Men pou klas dirijan yo ak tout Leta yo a, peyizan pa moun, yo pa gen okenn dwa. Men Peyizan pòv se TRAVAYÈ!
Jounen jodi a, lè nou gade, nou analize, nou wè se menm bagay yo k ap kontinye. Pa gen lesklavaj se vre, sistèm grandon an fin degraba, se vre. Men nou wè sistèm eksplwatasyon boujwa kapitalis enperyalis lan ap kontinye pi rèd. Sistèm eksplwatasyon an nan vann jounen, li nan dimwatye, li nan izin, manifakti, faktori soutretans, li nan zòn franch, brèf, sistèm eksplwatasyon an nan tout chapant sosyete a.
Kidonk, jounen jodi a, nou wè sistèm represyon an ap kontinye pi rèd. Li nan katye popilè yo. Li pran fòm masak pèp la ap sibi anba men atoufè, ak anba men lapolis. Men nan dènye mwa sa yo, sistèm dominasyon, eksplwatasyon ak represyon an parèt aklè nan tout akò malatchong sosyete sivil ak pati politik yo ap fè ant yo. Akò sa yo fèt anba lòd-dikta peyi kolon enperyalis yo pou monte gouvènman piyajè popetwèl tchoul nan jan Fanmi Lavalas, Pitit Desalines, Akò Montana, OPL, EDE, PHTK, elatriye sot fèl pou monte CPT a ak Primati a. Klas popilè yo pa gen okenn enterè nan saltenbank sa yo.
Jounen jodi a, aprè 221 lane lendepandans, li klè pou klas popilè yo, pou tout moun k ap batay tout bon vre pou yon peyi tou nèf, lit lan dwe chita nan ranvèse definitivman sistèm dominasyon, eksplwatasyon ak represyon an, sistèm eksklizyon an, pou mete sou pye yon sosyete ki kaba eksplwatasyon atoujamè. Sèl opozisyon ki dwe genyen e ki nan enterè fondamantal Pèp Ayisyen se opozisyon kont dominasyon, kont represyon, kont eksklizyon, ak kont eksplwatasyon ke grandon, boujwa, kapitalis enperyalis yo enpoze sou do nou. Se lit òganize otonòm travayè ki pou sòti peyi a nan twou li ye a. Se lit òganize otonòm kan pèp la ki ka transfòme peyi nou, pou nou tout kapab viv ak lespwa yon demen miyò. Nou tout ki pa nan Kan Klas Reyaksyonè yo se TRAVAYÈ NOU YE!
VIV LIT DEMOKRATIK ÒGANIZE OTONÒM KAN PÈP LA AK TRAVAYÈ KÒM POTOMITAN! VIV INITE TOUT TRAVAYÈ!
NB : Apre nou fin tande Kwonik sa a, Ayiti Koupe Fache ap kontinye mande oditè/telespektatè li yo pou fè kèk aksyon :
1) Klike sou bouton ki di « Subscribe » la, konsa pou nou toujou jwenn Kwonik la.
2) Pataje lyen kwonik la ak fanmi, zanmi ak moun ki nan lis kontak nou.
3) Kite w kòmantè (kritik, akò, kesyon ou sijesyon) pou nou anba videyo Youtube la oubyen kouryèl elektwonik nou, AyitiKoupeFache@gmail.com
4) Envite moun nou konnen yon kote an komen, swa lakay nou oubyen yon lòt kote pou koute pwogram la ansanm epi diskite l.
Pa bliye! Ayiti Koupe Fache, nan limit kapasite nou, ap kontribye nan konstriksyon yon chimen nouvo. Se yon travay kolektif li ye, kidonk, plis moun ki angaje ladann ak konviksyon, detèminasyon, abnegasyon ak disiplin, pi vit nap rive trase chimen an pou nou sòti pi vit posib nan twou nou ye la a. Pote vwa nou pi lwen posib! Ayiti Koupe Fache envite nou tout nan travay kolektif sa a ansanm ak li nan tan kap vini la yo.
Nap tou di Mèsi anpil a tout konpatriyòt ki tande apèl nou e ki pataje Kwonik la. Sa pèmèt ogmante volim moun kap tande Ayiti Koupe Fache. Ayiti Koupe Fache ankouraje tout moun pou yo kontinye ede nou fè travay la. Ayiti Koupe Fache se NOU. NOU se Ayiti Koupe Fache. Mèsi anpil!
Tweet La décision de l’administration du président Donald Trump de bloquer le financement de la mission multinationale dirigée par le Kenya en Haïti a suscité un vif débat sur l’efficacité des opérations menées sur le terrain et les perspectives de stabilisation du pays. Cette décision, qui intervient alors que les […]
Tweet Au cours du quatrième trimestre de l’année 2024, la situation des droits de l’Homme est restée très alarmante. Entre le 1er octobre et le 31 décembre 2024, selon les données du BINUH, au moins 1.732 personnes ont été tuées et 411 ont été blessées dans le cadre de la […]
For every Show page the timetable is auomatically generated from the schedule, and you can set automatic carousels of Podcasts, Articles and Charts by simply choosing a category. Curabitur id lacus felis. Sed justo mauris, auctor eget tellus nec, pellentesque varius mauris. Sed eu congue nulla, et tincidunt justo. Aliquam semper faucibus odio id varius. Suspendisse varius laoreet sodales.
Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.
Cookies strictement nécessaires
Cette option doit être activée à tout moment afin que nous puissions enregistrer vos préférences pour les réglages de cookie.
Si vous désactivez ce cookie, nous ne pourrons pas enregistrer vos préférences. Cela signifie que chaque fois que vous visitez ce site, vous devrez activer ou désactiver à nouveau les cookies.