FRON PATRIYOTIK POPILÈ
FPP/ NÒDWÈS
Lendi 30 desanm 2024
Nòt pou Laprès
Fwon patriyotik popilè (FPP) nan depatman Nòdwès la voye senpati li bay tout viktim inondasyon parapò ak move tan ki te soufle nan dat 22 pou rive 24 desanm 2024 la sou plizyè komin nan depatman Nòdwès patikilyèman nan komin Pòdepè. Inondasyon sa a non sèlman se rezilta move gouvènans ; men tou, se iresponsabilite yon bann swadizan otorite nan depatman Nòdwès la melanje ak pasivite otorite nan pouvwa santral yo ki toujou trete depatman Nòdwès tankou savann. Pa bliye lapli gen plizyè mwa ap tonbe san rete sou depatman Nòdwès la presizeman depi nan finisman mwa oktòb 2024 la. Alòske otorite yo pa pran okenn mezi yon mannyè pou te limite dega yo.
Selon bilan Pwoteksyon sivil nan depatman Nòdwès la, genyen anviwon 11 moun pèdi lavi yo, plizyè dizèn lòt blese, plizyè santèn kay kraze ak inonde, plizyè santèn bèt peyizan mouri, anpil plantasyon peyizan yo detwi konplètman, anpil twonson wout koupe ak bloke epi kraze pak an pak, anpil komèsan ak timachann pèdi tout aktivite yo tap mennen akoz yo neye anba dlo ak labou san konte sa dlo bwote ale. Jiska jounen jodi a, anpil kote nan lari Pòdpè toujou anba labou ak gwo basen dlo. Se menm konsta a pou anpil kay ki nan komin Pòdepè. Depi inondasyon yo, yon bann moun nan komin nan lage san abri pwovizwa, san asitans san prizanchaj nan kalite detrès ak kalimite sa a.
Sou baz sa yo, FPP nan depatman Nòdwès rive konprann popilasyon an pran nan yon konplo Leta kite vize disparèt li, lè nou konsidere pa gen kiraj ki fèt nan rivyè Pòdpè a depi plizyè lane. Lè nou konsidere pa gen okenn basen vèsan ki trete depi plizyè lane. Lè nou konsidere tout kanal ki pou drene dlo nan vil lan bouche ak labou depi plizyè lane, pa janm netwaye. Lè nou konsidere yon bann konstriksyon anachik ap fèt plizyè kote nan vil la avèk konplisite lameri. Lè nou konsidere yon bann travay enfrastrikti ki fèt nan vil lan sanble tèt koupe avèk travay bòs machòkèt alòske yon bann nan yo pa jann finalize. Lè nou konsidere yon popilasyon viktim ak andanje pa jwenn okenn sipò otorite responsab. Lè nou konsidere wout Pòdpè/Jan Rabèl ak Pòdpè/Asafolè epi Pòdpè/Lakwa Sen Jozèf kraze an miyèt moso vin tounen maswife pou moun Nòdwès. Lè nou konsidere anpil plantasyon peyizan yo detui ak zannimo yo ki mouri. FPP nan Nòdwès egzije:
- Gouvènman an DEBLOKE yon fon ijans prese prese pou pote repons avèk katastròf 22-24 desanm 2024 ki frappe depatman Nòdwès la ki dwe pran ankont ansanm konsiderasyon nou fè yo.
- Pouvwa egzekitif la dwe REVOKE san pèdi tan tout swadizan otorite ensousyan ki patisipe nan planifye malè popilasyon an depi plizyè lane epi NOME sitwayen onèt ak responsab ki kapab ranmase epi pote repons ak detrès popilasyon an ap konnen.
- Leta santral dwe MOBILIZE pilzyè materyèl nan nivo MTPTC pou fè fas ak sitiyasyon ijans sa a prese prese.
- Pa gen okenn patripòch, politichat ak gwo zouzoun k ap vin sèvi avèk sitiyasyon popilasyon nòdwès lan pou regle zafè pa yo.
Fwon Patriyotik Popilè mande popilasyon an pandan y ap soufri anba kalamite san parèy sila ki vin mete apse sou klou nou, rete VIJILAN yon mannyè pou anpeche magouyè ak detraktè vin manipile nou . VIJILANS sa a se nan sousi pou nou pa viktim mete sou konsekans gwo inondasyon daptaman an ap fè fas la.
FPP renouvle senpati li yon lòt fwa ankò bay popilasyon an pandan nou ap mande popilasyon an kenbe moral li byen wo nan dinamik pou aji sou defi majè yo. Tankou yon pwovèb ki di : ‹‹si n pa parèt, nou tout ap disparèt››.
Kerby JOSEPH
Kòdonatè FPP/Nòdwès
Telefòn : 509 4159-5939/3931-6902
The post Inondasyon : Fwon patriyotik popilè akize otorite nan Nòdwès yo ak pouvwa santral la first appeared on Rezo Nòdwès.