Kilè sa va chanje ? Chante angaje, pou Ayiti ki sou wout silans…
(Refren) Kilè n a ka desann Ayewopò San laperèz, san kè sere ? Kilè n a ka retounen lakay San bal, san baboukèt sou tèt nou ? Kilè, wi kilè sa va chanje ? Kilè pou nou ka respire ?
Yo fèmen pòt peyi a, yo louvri l pou zam Yo rele gang frè, yo bay yo kle vil la Pèp la kache, solèy la blayi sou lari vid Men politisyen ap pale de « referandòm » tankou lid
(Refren) Kilè n a ka desann Ayewopò San laperèz, san kè sere ? Kilè n a ka retounen lakay San bal, san baboukèt sou tèt nou ? Kilè, wi kilè sa va chanje ? Kilè pou nou ka respire ?
Aksyon pa gen, se pawòl ki gen pouvwa Konpetans pa gen plas, se konivans ak dwa Nou sèl kapital san avyon pou louvri zèl Men yo toujou ap voye mizik sou tèt bèl pawòl kèl
Nou bouke viv ak gang sou kat kwen lari Nou bouke wè lidè enkonsyan figi di Nou vle wè Ayiti, pa ti soufrans sou papye Nou vle limyè, pa kòlè sou chak fwaye
(Refren) Kilè n a ka desann Ayewopò San laperèz, san kè sere ? Kilè n a ka retounen lakay San bal, san baboukèt sou tèt nou ? Kilè, wi kilè sa va chanje ? Kilè pou nou ka respire ?
Nou pa mande lò, nou pa mande pèlen Nou mande jistis, ak dwa pou viv tankou moun Nou mande pou nou mete fen nan nèf tèt koulèv K ap vale limyè chak fwa espwa leve rèv
Kilè, wi kilè sa va chanje ? Kilè pou nou ka respire ? Kilè pou Ayiti mete linèt sou je l Gade verite, epi deside viv Viv lib, viv dwat, viv tout bon vre Kilè… kilè… Ayiti va leve ?
Tweet Par Reynoldson Mompoint Port-au-Prince, le 29 juin 2026 Une transition qui devait restaurer l’État Un gouvernement de transition n’est pas évalué à l’aune de ses discours, mais de sa capacité à restaurer l’autorité de l’État. Sa mission première consiste à protéger la population, à rétablir l’ordre public, à garantir […]
Tweet Le Paraguay a écrit l’une des plus belles pages de son histoire footballistique lundi en éliminant l’Allemagne aux tirs au but (4-3), après un match nul 1-1 au terme de 120 minutes, lors des seizièmes de finale de la Coupe du monde 2026. Face à une Mannschaft donnée favorite, […]
For every Show page the timetable is auomatically generated from the schedule, and you can set automatic carousels of Podcasts, Articles and Charts by simply choosing a category. Curabitur id lacus felis. Sed justo mauris, auctor eget tellus nec, pellentesque varius mauris. Sed eu congue nulla, et tincidunt justo. Aliquam semper faucibus odio id varius. Suspendisse varius laoreet sodales.