Actualités

Pozisyon Konbit òganizasyon politik sendikal ak popilè sou vizit sekretè deta meriken Antony Blinken

today2024-09-05 1

Arrière-plan
share close

Nòt pou laprès sou zafè vizit Sekretè deta meriken Antony Blinken nan dat 5 septanm 2024 la. 

Direktwa Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo aprann menm jan ak rès piblik la nouvèl vizit Sekretè deta meriken Antony Blinken nan dat 05 septanm nan. Men Pèp ayisyen poko genyen bonjan presizyon sou veritab objektif vizit politik sila a. Nan sans sa a, Pèp Ayisyen ta dwe poze kèk kesyon enpòtan ki ta ka pèmèt yon ti limyè blayi pou ede nou konprann pi byen ki sa ki ta kache dèyè vizit Sekretè deta meriken Antony Blinken nan. Ki kalte kesyon Pèp ayisyen an ta dwe poze? Men kèk kesyon enpòtan Pèp ayisyen menm jan ak tout òganizasyon nan divès sektè kap batay ansanm ak mas yo pou ede Ayiti rejwenn dwa granmoun li epi pèmèt kondisyon lavi mas pèp la chanje yo tout ta dwe poze plizyè kesyon fondamantal. 

Lè nou konsidere responsabilite meriken nan konstriksyon sitiyasyon boulvès pèp ayisyen an ap viv kote gang ame yo ap masakre, kidnape, piye, boule epi mete popilasyon an lagraba paske meriken poko sispann voye zam ak minisyon bay gang yo; 

Lè nou konsidere responsabilite meriken nan tabli sistèm eksplwatasyon ki gen la a epi rejim PHTK a meriken ak akolit enpoze pèp Ayisyen an depi lane 2011 e ke li soti jounen jodi pou kontinye enpoze li ankò; 

Lè nou konsidere nesesite pou tout Ayisyen/Ayisyèn kòrèk, patriyòt pote kontribisyon pa yo nan batay pou konstwi yon Leta ayisyen granmoun epi chavire sistèm pezesouse a; 

Lè nou konsidere nesesite pou tout òganizasyon pwogresis yo goumen nan tèt kole pou anpeche meriken renouvle rejim PHTK a epi kontinye ak enjerans la; 

Lè nou konsidere rezilta negatif ak katastwofik plizyè vizit kèk ofisyèl meriken abitye fè nan peyi nou, nou pa ka anpeche nou poze kesyon sila yo: 

1) Ki sa Antony Blinken ap vini regle vrèman atravè vizit sila a? 

2) Eske Antony Blinken nan pa parèt kòmkwadirè yon chèf kap debake nan yon koloni pou ta vini fè sipèvizyon nan koloni an? 

3) Eske se lòd Antony Blinken ap vini bay dirijan ayisyen yo dirèkteman oubyen se diskite l ap vini diskite ak yo pou pi byen konprann sitiyasyon kriz meriken ede fabrike la a? 

4) Aprè tout deblozay meriken fè nan peyi nou, èske vizit sila a ap lokazyon pou Antony Blinken vini avwe responsabilite meriken nan sityasyon maswife Ayiti twouve li la a epi pran angajman piblik pou meriken sispann voye zam ak minisyon bay gang yo pou pèp Ayisyen ka rale yon souf? 

5) Èske Antony Blinken ap vini diskite ak dirijan ayisyen yo posibilite yon nouvo deal ant Peyi meriken ak peyi d Ayiti pou rive mete yon bout nan mòd relasyon mèt/ esklav ki tabli depi lontan ant peyi meriken ak peyi d Ayiti la a?

 6) Èske dirijan ayisyen yo ap ka ranmase kouraj yo pou diskite an granmoun ak Antony Blinken sou sitiyasyon kriz fabrike sila a Pèp Ayisyen an ap viv la epi tire konklizyon ki dwe tire yo ? 

7) Pou nou fini, KONBIT la ap mande Pèp Ayisyen kale je l epi kontinye batay pou rejwenn dwa granmoun peyi d Ayiti, dwa otodetèminasyon nou.

 Se sèl wout ki ka mennen nou nan chanjman n ap reklame depi lontan. Toutotan se pisans enperyalis yo ak meriken antèt k ap deside nan plas nou pap gen chans pou nou soti nan sa nou ye la a. Kidonk nou dwe mete fanm ak gason sou nou pou nou libere peyi nou anba enjerans epi konstwi yon Ayiti granmoun kote byennèt la blayi pou tout moun jan Papa Desalin te ekzije sa. 

Viv Yon Ayiti granmoun !

Pou otantifikasyon: 

Patrick Joseph 

Jean Paul Bastien 

Josué Mérilie

The post Pozisyon Konbit òganizasyon politik sendikal ak popilè sou vizit sekretè deta meriken Antony Blinken first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par: Viewcom04

Rate it

Articles similaires

Actualités

PRA. CE QUE JE PENSE : APPEL PRESSANT AUX AFRICAINS

Tweet CE QUE JE PENSE APPEL PRESSANT AUX AFRICAINS Par Pierre Robert Auguste Il n’y aucun doute qu’une nouvelle géopolitique se dessine, voulant rétablir le primat de la force sur le droit, retourner le monde en deça de 1945, à l’époque même d’avant 1815 où la sauvagerie le disputait à […]

today2025-03-28