Pati Politik Fanmi Ayisyen Reveye (FAR) ap eksprime gwo kè sote li genyen kote depi plis pase 8 mwa kPT a nan tèt peyi a epi anyen pa janm regle, la mizè, lavi chè, epi pwoblèm ensekite a vinn pi mal. Popilasyon an nan tout peti a santi yo about patikilyèman moun nan lwès ak latibonit ki kontinye ap viktim anba men bandi san fwa ni lwa. Dènye masak ki fèt sou pèp solino ak ti Rivyè, san konte dife ki mete nan yon bon pati nan lopital Bernard Mevs ki vin ajoute nan lis byen long lopital ki viktim zak Malonèt nan peyi a, montre a klè ke pa gen anyen kap regle.
Pati politik Fanmi Ayisyen Reveye (FAR) vle eksprime solidarite’l ak tout moun epi enstitisyon ki viktim . FAR vle mete aksan tou sou fason peyi a ap mal dirije epi montre ensètitid li genyen sou avni politik nou paske se etranje kap deside ki dirijan li vle oubyen li pa vle pou nou , si nou ta konsidere denyè soti majorite nan politisyen akayik yo kap mande karikom pou chwazi pou nou pou deside pou nou paske nou paka antann nou, nou paka mete nou ansanm , nou pa deside respekte sa manman lwa peyi a di. Se nan sans sa a
FAR vle voye yon pinga bay karikom ak tout politisyen rat do kale sa yo poul di yo li tap twò fasil pou kek sektè ki te Finn chwazi moun pou voye nan KPT a pou se menm sektè sa yo kap mande pou retire epi mete moun pa yo ankò pou kontinye al piye, gagote , manje lajan entelijans pèp la pandan nou pa wè pyès avanse ki fèt nan pwoblèm ensekirite kap bwase bil pèp la.
Fòk tout lòt sektè, tout lòt pati politik ki pa gen reprezantan nan pouvwa sa pata egziste sèlman pou nou ta kite se menm moun sa yo ki chwazi pou nou ankò pandan se menm yo Menm ki kraze sa yo te Fin mete nan goumen pou enterè pòch yo .
Pati politik Fanmi Ayisyen Reveye (FAR) ap fini poul di li bay KPT a yon delè 30 jou poul voye siyal klè nan rezoud pwoblèm ensekirite a nan mete plis moyen pou FADH ak Polis la, epi pran bon jan mezi pou gen têt ansanm, amoni nan mitan yo sitou nan moman fet fen dane a paske pèp la merite plis ke sa .
Tweet Un massacre de plus, orchestré par des bandits armés, dans un contexte où les forces de sécurité annoncent un renforcement de leurs moyens pour lutter contre les groupes criminels. À Gros-Morne, au moins 11 personnes ont été tuées par le gang « Kokorat san ras ». Au cimetière de […]
For every Show page the timetable is auomatically generated from the schedule, and you can set automatic carousels of Podcasts, Articles and Charts by simply choosing a category. Curabitur id lacus felis. Sed justo mauris, auctor eget tellus nec, pellentesque varius mauris. Sed eu congue nulla, et tincidunt justo. Aliquam semper faucibus odio id varius. Suspendisse varius laoreet sodales.
Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.
Cookies strictement nécessaires
Cette option doit être activée à tout moment afin que nous puissions enregistrer vos préférences pour les réglages de cookie.
Si vous désactivez ce cookie, nous ne pourrons pas enregistrer vos préférences. Cela signifie que chaque fois que vous visitez ce site, vous devrez activer ou désactiver à nouveau les cookies.