Non classé

Mouvman Patriyotik pou Lavi mande pou otorite yo pran dispozisyon pou kwape bandi yo nan peyi a

today2024-12-25 26

Mouvman Patriyotik pou Lavi mande pou otorite yo pran dispozisyon pou kwape bandi yo nan peyi a
share close

Retablisman sekirite, yon devwa otorite yo gen anvè popilasyon an daprè MOPAL.

Nan yon nòt ki pote siyati Jean Fritznel Pierre Louis ak Max Theodort, Mouvman Patriyotik pou Lavi (MOPAL) di l santil boulvèse chak jou pi plis fas ak zak kowalisyon gang viv ansanm yo ap komèt sou popilasyon an ak sou byen piblik kou prive yo nan peyi a.

« Mesyedam sa yo pa janm sispann touye ak chase pèp la nan katye popilé yo. Aprè gwoup ame sa yo fin piye epi mete dife nan komisarya ak lèkol, yo pase pran lopital piblik tankou lopital prive » se sa nou ka li nan nòt la, kote li souliye depi plizyè mwa, nèg ak zam pran kontwòl lopital jeneral e yo rive mete dife nan lopital Bernard Mevs la.

Zak sa a, daprè MOPAL, se yon gwo pèt pou gwoup moun ki te fè envestisman sa e pou peyi a an jeneral. Nan sans sa a, MOPAL ap mande otorite leta yo pran tout dispozisyon sa egzije pou fè fas kare ak aksyon malonèt sa yo nan peyi a e degaje prese prese yon fon pou asiste lopital Bernard Mevs ak tout lòt enstitisyon ki viktim anba zak gwoup ame yo.

Pi lwen, MOPAL pwofite mande Sektè Prive a pou bay yon kout men pou retabli lopital la nan fonksyonman nòmal li yon fason pou pèp la kontinye jwenn ti moso laswenyay. Yon lòt bò, li mande gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils Aimé a ak KPT a pou kontinye pran tout dispozisyon pou kwape bandi kap fè deblozay nan peyi a, pou tabli lapè ak sekirite pou tout deplase tounen lakay yo, pou lekòl fonksyone san kè kase, pou wout Nò ak Sid debloke, pou lavi kapab retounen toupatou nan peyi a.

À lire aussi:

Un mort et plusieurs blessés dans un accident impliquant un camion de la DGM rapatriant des haïtiens

Écrit par: Viewcom04

Rate it

Articles similaires

Non classé

Alix Didier Fils-Aimé se rend à Sainte-Lucie pour participer à la Conférence des chefs d’État et de gouvernement de la CARICOM

Le Premier ministre représentera Haïti aux travaux de la CARICOM, où les dirigeants de la région échangeront notamment sur la sécurité, l’intégration économique, la résilience climatique et la coopération régionale. Le Premier ministre haïtien, Alix Didier Fils-Aimé, a quitté le territoire national ce dimanche 5 juillet à destination de Sainte-Lucie […]

today2026-07-05

Non classé

Le ministère de la Défense annonce la sélection de 665 nouvelles recrues pour renforcer les Forces armées d’Haïti

Les nouvelles recrues, dont 98 femmes, intégreront prochainement leur formation militaire, tandis qu’une nouvelle campagne de recrutement de 2 000 candidats est déjà annoncée. Le Ministère de la Défense a annoncé l’achèvement du processus de sélection d’une nouvelle promotion destinée à intégrer les Forces armées d’Haïti. Au total, 665 recrues, […]

today2026-07-05


Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.