Fanmi Lavalas koube l byen ba pou salye Pèp Ayisyen kap soufri maten midi swa anba ensekirite a.
Kite kansè ensekirite a nan Pòtoprens pou al fè eleksyon nan 8 lòt depatman, se lave men siye atè. Kouri chode yon bouyon referandòm pou konstisyon san bay Pèp la sekirite, se bwote dlo nan panyen wozo.
Tout tantativ pou fè eleksyon ak referandòm bidon, ap tounen bidon pou ranmase lajan koripsyon.
Fanmi Lavalas ankouraje reprezan yo nan KPT a respekte volonte Pèp la ki mande sekirite avan seleksyon ak referandòm bidon.
Zorèy pa dwe pi long pase tèt.
Pèp la se pi gwo otorite a. Nou tout gen obligasyon pou koute l e respekte dwa l.
Tout sitwayen gen dwa pou viv lakay ou anpè, dwa pou sikile libelibè, dwa pou manje, dwa pou jwenn sante ak edikasyon, dwa pou anpeche gang fin pran peyi a.
Fanmi Lavalas di otan. Fanmi Lavalas di sa sifi.
Fanmi Lavalas mande otorite yo bay lapolis bon jan mwayen pou libere tout wout ki bloke ak teritwa ki pèdi.
Konsa ni KPT a, ni Gouvènman an, ni Pèp Ayisyen an, nap rive sove tranzisyon an ansanm. Li posib. Li pa twò ta. Nou ka fè l ansanm.
Yon sèl nou fèb, Ansanm nou fò, Ansanm Ansanm NOU SE LAVALAS.
Tweet Selon la programmation disponible pour vendredi 25 septembre 2026, la séance de l’après-midi du débat général de la 81e Assemblée générale commence à 15 h, heure de New York. L’ONU demande aux délégations de limiter leurs déclarations à 15 minutes, précisément parce que l’ordre des orateurs est établi sur […]