Apèl pou chita pale ak diskisyon sou altènativ pou kontinye bay kominote a sèvis sante ak laswenyay
Tweet FEDHAP+ gen gwo enkyetid pou sitiyasyon pwogram pou frennen VIH la nan jou k ap vin la yo. 24 janvye ki sot pase la, Gouvènman ameriken mande kanpe pandan yon tan tout èd entènasyonal pou evalyasyon. Yon desizyon ki riske paralize batay pou frennen viris la ki te ap benefisye gwo bourad èd peyi Etazini. Se tou yon gwo kou nan demach pou nou rive atenn objektif 2030 yo nan peyi Dayiti. Yon menas anplis ki vin ajoute sou sitiyasyon […]
