An nou batay pou yon sosyete tou nèf!
Tweet Raoul Gérard Premye Janvye 2025 fè 221 lane depi nou pran lendepandans. Se te pou lapremyè fwa esklav revòlte te fè yon revolisyon epi kreye yon peyi endepandan. Nou tout ki konprann enpòtans istorik revolisyon sa a dwe fyè anpil. Men nan listwa nou aprann lekòl, yo sitou montre nou se gras ak gran ewo tankou Toussaint Louverture, Marie Claire-Heureuse, Dessalines, Capois La Mort, Christophe, Pétion, elatriye, ke nou te rive pran lendepandans nou epi te fonde yon nasyon lib. […]
