Actualités

Flashback, 2 février 2025 – Fanmi Lavalas / Maryse Narcisse :  » Tout tantativ pou fè eleksyon ak referandòm bidon, ap tounen bidon… »

today2026-03-26

Flashback, 2 février 2025 – Fanmi Lavalas / Maryse Narcisse :  » Tout tantativ pou fè eleksyon ak referandòm bidon, ap tounen bidon… »
share close

Fanmi Lavalas: « Zorèy pa dwe pi long pase tèt.« 

2 février 2025

Fanmi Lavalas koube l byen ba pou salye Pèp Ayisyen kap soufri maten midi swa anba ensekirite a.

Kite kansè ensekirite a nan Pòtoprens pou al fè eleksyon nan 8 lòt depatman, se lave men siye atè. Kouri chode yon bouyon referandòm pou konstisyon san bay Pèp la sekirite, se bwote dlo nan panyen wozo.

Tout tantativ pou fè eleksyon ak referandòm bidon, ap tounen bidon pou ranmase lajan koripsyon.

Fanmi Lavalas ankouraje reprezan yo nan KPT a respekte volonte Pèp la ki mande sekirite avan seleksyon ak referandòm bidon.

Zorèy pa dwe pi long pase tèt.

Pèp la se pi gwo otorite a. Nou tout gen obligasyon pou koute l e respekte dwa l.

Tout sitwayen gen dwa pou viv lakay ou anpè, dwa pou sikile libelibè, dwa pou manje, dwa pou jwenn sante ak edikasyon, dwa pou anpeche gang fin pran peyi a.

Fanmi Lavalas di otan. Fanmi Lavalas di sa sifi.

Fanmi Lavalas mande otorite yo bay lapolis bon jan mwayen pou libere tout wout ki bloke ak teritwa ki pèdi.

Konsa ni KPT a, ni Gouvènman an, ni Pèp Ayisyen an, nap rive sove tranzisyon an ansanm. Li posib. Li pa twò ta. Nou ka fè l ansanm.

Yon sèl nou fèb, Ansanm nou fò, Ansanm Ansanm NOU SE LAVALAS.

Komite Ekzekitif Fanmi Lavalas :

  • Dr. Maryse Narcisse
  • M. Joël Edouard Vorbe
  • Dr. Jean Myrto Julien
  • Agr. Anthony Dessources

The post Flashback, 2 février 2025 – Fanmi Lavalas / Maryse Narcisse :  » Tout tantativ pou fè eleksyon ak referandòm bidon, ap tounen bidon… » first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par:

Rate it

Articles similaires


Radio Tv Dromage
Résumé de la politique de confidentialité

Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.