Pami tout sila sa yo nap mande tou kote tout zentelektyel ayisyen yo ni andedan ak deyo peyi a?
Nap mande kote tout Pe ak Paste yo?
Kote tout Venerab ki nan Loj?
Kote tout Ougan yo?
Kote tout bann Notab ki nan peyi an?
Kote tout asosyasyon Sendikal yo?
Kote moun Oganizasyon Dwa Moun yo?
Kote moun Asosyasyon Bank Prive?
Kote Asosyasyon Patwon Medya Tradisyonel yo?
Kote Asosyasyon Jounalis yo?
Kote Asosyasyon Jij yo/
Kote Majistra li nan « CSPJ » yo?
Kote Asosyasyon Direkte Lekol yo?
Kote tout edidyan ki na Fakilte nou yo?
Kote Asosyasyon medsen nou yo?
Kote Ati Nasyonal lan?
Kote Asisyasyon Pwofesyonel ki nan Dyaspora a?
Kote Federasyon Bawo peyi d’Ayiti yo?
Fas ak silans tout sila sa yo ki ta dwe pale pou popilasyon sivil lan ke bandi tout plim ak tout plimay ap devantre nou lanse yon kout rel pou nou KOTE YO?
Nou mande yon feso nasyonal kont silans tout bouch ki mare yo devan kalamite popilasyon an!
Popilasyon an bouke e li pa kapab anko devan zak kriminel ak teworis bandi ak gang sa yo!
Popilasyon an bezwen sekou nan men nou – li about e li bezwen entevansyon nou – silans lan ap fenn konplis!