Nòt pou laprès
Chimen Delivrans koubel douvan tout kalte zak kriminel popilasyon an pa sispann viktim anba men karavàn lanmò zago loray teworis ki deside fèl wè lanfè gwo lajounen.
Chimen Delivrans aprann ak anpil lapenn krim san parey kriminel yo sou yon ti lèzany nan kominin kenskof. Yon krim obominab ki mete dlo nan je tout sosyete a e ki menm lakòz disparisyon sibit madan Eliana Thélémaque ki se manman pitit sila a.
Chimen Delivrans ap rele anmweyyyyy kont zèfèyis sila yo ki pa sispann avili pèp ayisyen an douvan je lemonn antye. Eske se tout bon vre Ayisyen deside libanize peyia?? Eske nap kontinye kanibalize peyia vre?? Eske nou deside disparèt peyia jan blan an te mandel vre mezanmi??
Chimen Delivrans bat tanbou rasanbleman an pou mande kote ansye militaire yo, atis yo, entèlektyèl yo, sosyo pwofesyonèl yo elatriye?? Kisa nap tann ankò paske lè a rivé. Jodia li klè kou klèwòz si nou tout pa leve kanpe konnen nou dakò poun mouri ansanm tankou yon pakèt mouton anba labatwa.
Chimen Delivrans mande tout Ayisyen alawonnbadè pou sonnen lanbi epi bat tenèb depi jodia menm apati midi paske se jou liberasyon an ki rivé pou peyia soti anba grif konplotè ak dechèpiyè lokal ak entènasyonal yo. Tout moun dakò apre 10 mwa KPT a pwouvel pa kapab epil echwe. Kounya se konkou kilès kap pran plis nan gato a épi kilès kap vin pi rich pami yo.
Chimen Delivrans mande ak tout fòs pwogresis yo pou mete ti enterè pa yo sou kote epi reyini prese prese sou sitiyasyon sekirite peyia nan lide poun mete kanpe: yon selil ijans pou jesyon kriz la(SIJK)- yon selil pou planifikasyon ak kowòdinasyon aksyon yo(SPKA) epi ak yon selil Doleyans pou ranmase bonjan enfòmasyon(SDE) nan lide pou retounen peyia nan lapè ak rekonsilyasyon. Konsa, nap rivé fè tout timoun reprann chimen lekòl yo, debouche tout wout nasyonal yo pou peyizan an ka rantre nan kapital la, relouvri inivèsite yo, kreye kondisyon pou ti machann yo retounen al vann anba lavil la, pou tout pèp la alawonnbadè retounen lakay yo, repare tout malere ak malerèz ki pèp tout sa yo te genyen elatriye.
Pou fini, Chimen Delivrans mande tout pèp Ayisyen an pwofite zak kriminel tèrib soti etidyan Macénat Lébelt pase sou ti lèzany lan jouk rivé sou Eliana Thélémaque pou leve kanpe poun libere peyia.
Jou a rivé!! Jou a rivé mezanmi!! Se moman an menm!!
Moun ki siyen se:
Ing. Robenson BLEHUS
Sekretè jeneral
Prof. CELISCAR Jean Elysé
Responsab zafè politik
The post Chimen Delivrans : Sou zak kriminel san parey sou Eliana Thélémaque ak ti pitit gason l nan kenskòf first appeared on Rezo Nòdwès.