Tè a Fin Kriye
Mizik pou Haïti, pou Kenscoff, pou lavi nou pèdi… Lè bandi dirije peyi, se lanfè ki ranplase lavi
audio
Lannuit twò long, solèy pa leve Lanmisè blayi sou do lavi Pye bwa frisonnen, van an ap plenyen Yo boule rèv nou, yo boule lespwa
[Vèsè 1] Manman kriye, pitit li boule Nan men yo li te kenbe l’ sere Men lanmò pi rèd pase lanmou Yo fòse l’ lage l’ nan dife
Se pa sa li te swete, non Se pa sa li te mande, non Men lè bandi dirije peyi Se lanfè ki ranplase lavi
[Refren] Tè a fin kriye, dlo pa desann Nou pèdi chimen, nou pèdi moun Gouvènman kache, lap fè silans Se kòmsi nou pa janm egziste
[Vèsè 2] Lari plen kadav, mo n pa di Kè nou chaje ak gwo doulè Yo di se fo nouvèl, nou reve twòp Men sang ap koule sou twotwa
Ayiti, ou sonje lè ou te bèl? Lè mizik tap chante sou galri? Jodi a, nou pè menm lalin Paske chak lannuit se lanmò ki danse
[Refren] Tè a fin kriye, dlo pa desann Nou pèdi chimen, nou pèdi moun Gouvènman kache, lap fè silans Se kòmsi nou pa janm egziste
Yo di n’ pa wè sa nou wè Yo di n’ pa tande sa nou tande Men dife boule rèv nou Men dife boule nou nèt…
[Dènye refren] Tè a fin kriye, dlo pa desann Nou pèdi chimen, nou pèdi moun Gouvènman kache, lap fè silans Se kòmsi nou pa janm egziste
Ayiti… Ou tande vwa nou? Ou wè san nou? Nou pèdi twòp… Nou pèdi twòp…
texte et arrangements musicaux : cba Production Rezo Nòdwès
The post « Tè a Fin Kriye » – Pou memwa yon timoun sakrifye (audio) first appeared on Rezo Nòdwès .