FEDHAP+ gen gwo enkyetid pou sitiyasyon pwogram pou frennen VIH la nan jou k ap vin la yo. 24 janvye ki sot pase la, Gouvènman ameriken mande kanpe pandan yon tan tout èd entènasyonal pou evalyasyon. Yon desizyon ki riske paralize batay pou frennen viris la ki te ap benefisye gwo bourad èd peyi Etazini. Se tou yon gwo kou nan demach pou nou rive atenn objektif 2030 yo nan peyi Dayiti. Yon menas anplis ki vin ajoute sou sitiyasyon latwoublay nou te deja ap viv nan peyi a. Yon menas ki blayi sou tèt plis pase 125,000 moun, Daprè done ki disponib yo.
FEDHAP+ ap mande tout aktè, patizan ak senpatizan ki enplike nan batay pou frenen VIH la nan peyi a depi plis pase 20 lane pou chita pale prese prese, pou diskite sou ki altènativ kap pemèt nou kontinye bay kominote sèvis sante.
Vrèmanvre, li enpòtan pou nou chita pale lè nou konsidere enpòtans èd sila genyen:
– Nan pèmèt moun kap viv ak viris la jwenn medikaman gratis, epi tout lòt èd ak asistans pou yo kapap rete an sante.
– Nan finansye materyèl ak medikaman pou pèmet moun ki ap fè bagay pwoteje tèt yo kont anpil lòt enfeksyon.
– Nan sensibilize kominote a kont tout kalite vyolans ak diskriminasyon.
– Nan fè pledwaye ak pwomosyon dwa moun.
Kidonk, se sante ak lavi tout moun ki an danje ak èd sila ki kanpe pou yon ti bout tan.
Nan sans sa a, FEDHAP+ ap envite tout aktè lavi nasyonal (espesyalman nan koze sante a tanmen prese prese bon jan dyalòg, diskisyon ak konsiltasyon pou reflechi sou dispozisyon pou nou pran nan sitiyasyon sila a. Lasante pa ka tann. Nou pa ka pèdi tout jefò n ap fè depi plis pase 20 lane.
Anntandan nou jwenn yon wout pou nou soti nan twou sila, Federasyon an ap enfome tout PVVIH kap viv toupatou nan peyi a li deja tanmen plizyè rankont ak reprezantan Leta Ayisyen ak Patne li yo nan lide pou swen yo, asistans medikal ak sikolojik yo pa kanpe paske sante kapa tann. Men seri rankont sa yo pa sifi fas ak malè pandje sa a.
Pandan ti tan sa a, Federasyon an ap mande popilasyon an anjeneral, sitou sila kap viv ak VIH la pou gen yon konpòtman pi responsab.
Jere medikaman nou pi byen.
Toujou rete an kontak ak lopital ou, oubyen vizite lopital ou.
Kenbe kontak ak asosyasyon PVVIH yo
Sipòte youn lòt jan nou kapab.
Sante se richès, an nou youn veye sou lòt.
FEDHAP+ ap mande asosyasyon yo ki angaje afon nan batay pou fè fas kare ai VIH pou yo chèche tout mwayen posib pou yo kontinye bay chak grenn manb yo tout sipò ak akonpayman posib nan moman sila a.
FEDHAP+ se yon federasyon ki regwoupe plis pase yon ventèn asosyasyon nan dis depatman peyi Dayiti. Li bay tèt li misyon pou fè avanse batay pou frennen VIH epi goumen pou dwa ak respè tout moun k ap viv ak VIH la nan kat kwen peyi.
Tweet La décision de l’administration du président Donald Trump de bloquer le financement de la mission multinationale dirigée par le Kenya en Haïti a suscité un vif débat sur l’efficacité des opérations menées sur le terrain et les perspectives de stabilisation du pays. Cette décision, qui intervient alors que les […]
Tweet Au cours du quatrième trimestre de l’année 2024, la situation des droits de l’Homme est restée très alarmante. Entre le 1er octobre et le 31 décembre 2024, selon les données du BINUH, au moins 1.732 personnes ont été tuées et 411 ont été blessées dans le cadre de la […]
Ce site utilise des cookies afin que nous puissions vous fournir la meilleure expérience utilisateur possible. Les informations sur les cookies sont stockées dans votre navigateur et remplissent des fonctions telles que vous reconnaître lorsque vous revenez sur notre site Web et aider notre équipe à comprendre les sections du site que vous trouvez les plus intéressantes et utiles.
Cookies strictement nécessaires
Cette option doit être activée à tout moment afin que nous puissions enregistrer vos préférences pour les réglages de cookie.
Si vous désactivez ce cookie, nous ne pourrons pas enregistrer vos préférences. Cela signifie que chaque fois que vous visitez ce site, vous devrez activer ou désactiver à nouveau les cookies.