Actualités

Pati politik FAR di li gen anpil kè sote pou peyi Dayiti ki sou lagraba ak yon KPT kap laloz depi plis pase 8 mwa

today2024-12-22 1

Pati politik FAR di li gen anpil kè sote pou peyi Dayiti ki sou lagraba ak yon KPT kap laloz depi plis pase 8 mwa
share close

Petyon-Vil, 19 Desanm 2024

NÒT POU LAPRÈS

Pati Politik Fanmi Ayisyen Reveye (FAR) ap eksprime gwo kè sote li genyen kote depi plis pase 8 mwa kPT a  nan tèt peyi a epi anyen pa janm regle, la mizè, lavi chè, epi pwoblèm ensekite a vinn pi mal. Popilasyon an nan tout peti a santi yo about patikilyèman moun nan lwès ak latibonit ki kontinye ap viktim anba men bandi san fwa ni lwa. Dènye masak ki fèt sou pèp solino ak ti Rivyè, san konte dife ki mete nan yon bon pati nan lopital Bernard Mevs ki vin ajoute nan  lis byen long lopital ki viktim zak Malonèt nan peyi a, montre a klè ke pa gen anyen kap regle.

Pati politik Fanmi Ayisyen Reveye (FAR) vle eksprime solidarite’l ak tout moun epi enstitisyon ki viktim . FAR vle mete aksan tou sou fason peyi a ap mal dirije epi montre ensètitid li genyen sou  avni politik nou paske se etranje kap deside ki dirijan li vle oubyen li pa vle pou nou , si nou ta konsidere denyè soti majorite nan politisyen akayik yo kap mande karikom pou chwazi pou nou pou deside pou nou paske nou paka antann nou, nou paka mete nou ansanm , nou pa deside respekte sa manman lwa peyi a di. Se nan sans sa a

FAR vle voye yon pinga bay karikom ak tout politisyen rat do kale sa yo poul di yo li tap twò  fasil pou kek sektè ki te Finn chwazi moun pou voye nan KPT a pou se menm sektè sa yo kap mande pou retire epi mete moun pa yo ankò pou kontinye al piye, gagote , manje lajan entelijans pèp la pandan nou pa wè pyès avanse ki fèt nan pwoblèm ensekirite kap bwase bil pèp la.

Fòk tout lòt sektè, tout lòt pati politik ki pa gen reprezantan nan pouvwa sa pata egziste sèlman pou nou ta kite se menm moun sa yo ki chwazi pou nou ankò pandan se menm yo Menm ki kraze sa yo te Fin mete nan goumen pou enterè pòch yo .

Pati politik Fanmi Ayisyen Reveye (FAR) ap fini poul di li bay KPT a yon delè 30 jou poul voye siyal klè nan rezoud pwoblèm ensekirite a nan mete plis moyen pou FADH ak Polis la, epi pran bon jan mezi pou gen têt ansanm, amoni nan mitan yo sitou nan moman fet fen dane a paske pèp la merite plis ke  sa .

Konsyans nap mande.

Angelot GRESSEAU                                                                                             
Secrétaire Général           

The post Pati politik FAR di li gen anpil kè sote pou peyi Dayiti ki sou lagraba ak yon KPT kap laloz depi plis pase 8 mwa first appeared on Rezo Nòdwès.

Écrit par:

Rate it

Articles similaires

Actualités

Lutte contre les gangs en Haïti : après le blocage des fonds américains, le CPT, budgétivore, doit être remplacé et les forces de sécurité nationales renforcées, déclare le Dr Renaud

Tweet La décision de l’administration du président Donald Trump de bloquer le financement de la mission multinationale dirigée par le Kenya en Haïti a suscité un vif débat sur l’efficacité des opérations menées sur le terrain et les perspectives de stabilisation du pays. Cette décision, qui intervient alors que les […]

today2025-02-05


0%